Add parallel Print Page Options

¶ Mwen menm, Pòl, se Bondye ki te vle chwazi m' pou sèvi apòt Jezikri, pou fè konnen lavi li te pwomèt nou an, lavi li ban nou nan Jezikri a.

M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.

M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l' mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m' frape sou ou lè m'ap lapriyè.

Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m' anvi wè ou pou kè m' ka kontan nèt.

Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kè ou. Lòyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sèten ou gen menm konfyans sa a tou.

¶ Se poutèt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lè m' te mete men sou tèt ou a.

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la.

Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

10 Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.

11 Bondye chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl sa a, li voye m' kòm apòt pou m' moutre li bay tout moun ki pa jwif.

12 Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.

13 Pran egzanp sou pawòl verite mwen te ba ou yo. Kenbe fèm nan konfyans ak nan renmen nou jwenn nan Jezikri.

14 Ak lasistans Sentespri ki nan kè ou la, kenbe tout bon pawòl yo te moutre ou yo tankou yon depo ki sou kont ou.

15 ¶ Ou te pran nouvèl la, pa vre? Tout moun nan pwovens Lazi yo lage m' pou kont mwen, ata Fijèl ak Emojèn.

16 Mwen mande Seyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pa t' wont mwen dèske mwen te nan prizon.

17 Okontrè, lè li rive lavil Wòm, li touye tèt li chache m' jouk li jwenn mwen.

18 Se pou Seyè Jezi fè Bondye gen pitye pou li lè gran jou a va rive. Ou chonje tout sèvis li te rann mwen lavil Efèz?

¶ Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouraj nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a.

Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.

Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou.

Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi.

Lè yon moun ap aprann kouri pou l' ka patisipe nan yon konkou, li p'ap ka genyen si li pa kouri dapre regleman konkou a.

Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l' nan rekòt la.

Fè tèt ou travay sou sa m' ap di ou la a. Seyè a va fè ou konprann tout bagay.

¶ Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve soti vivan nan lanmò, jan sa di nan bon nouvèl la.

Se paske m'ap anonse bon nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn.

10 Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an.

11 Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou.

12 Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.

13 Si nou pa kenbe pawòl nou, li menm l'ap toujou kenbe pawòl pa li, paske Bondye pa kapab demanti tèt li.

14 ¶ Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo.

15 Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a.

16 Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.

17 Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt.

18 Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja.

19 ¶ Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.

20 Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdenè.

21 Si yon moun kenbe kò l' pou l' pa fè sa ki mal, y'a fè l' fè yon travay espesyal. Paske lè sa a l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li, la itil Mèt la, l'ap pare pou l' fè nenpòt bagay ki byen.

22 ¶ Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan l' epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.

23 Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.

24 Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans.

25 Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.

26 Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.

¶ Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.

Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.

Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm.

Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye.

Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.

Gen ladan yo k'ap antre lakay moun pou pran tèt medam ki fèb yo, ki gen konsyans yo chaje anba peche epi k'ap kite tout kalite move lanvi mennen lavi yo.

Medam sa yo toujou ap chache konnen. Men, yo pa janm ka rive konnen verite a.

Menm jan ou te wè Janès ak Janbrès t'ap fè Moyiz opozisyon an, konsa tou moun sa yo ap fè verite a opozisyon. Se yon bann moun ki gen lespri yo deraye. Bondye voye yo jete paske yo pa gen konfyans tout bon nan li.

Men, yo p'ap rive lwen, paske tout moun pral rekonèt jan yo pèdi tèt yo, menm jan sa te rive pou Janès ak Janbrès.

10 ¶ Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m' mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m', nan jan mwen kenbe fèm,

11 nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m' Antiòch, Ikoniòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m' anba yo tout.

12 Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon.

13 Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou.

14 Kanta ou menm, se pou ou kenbe fèm sa yo te moutre ou la, sa ou te resevwa ak fèm konviksyon, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo.

15 Depi ou te tou piti ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.

16 Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.

17 Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fè tou sa ki byen.

¶ Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:

Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale.

Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande.

Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.

Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye.

Pou mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m' tankou bèt y'ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m' kite lavi sa a/.

Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.

Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.

¶ Fè posib ou vin jwenn mwen touswit.

10 Paske, Demas lage m', li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. Li pati, li ale Tesalonik. Kresan pou tèt pa l' al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi.

11 Se Lik sèlman ki la avèk mwen. Pran Mak avèk ou lè w'ap vini. La ban m' yon bon kout men nan travay la.

12 Mwen voye Tichik lavil Efèz.

13 Lè w'ap vini, pase pran gwo manto mwen te kite lakay Kapis, lavil Twoas, pote l' pou mwen. Pote Liv yo tou, espesyalman sa ki fèt ak po bèt yo.

14 Aleksann, bòs fòjon an, fè m' anpil tò. Seyè a va ba l' sa l' merite dapre sa l' fè a.

15 Pran prekosyon ou avè l', ou menm tou. Paske li pa t' vle tande sa n'ap di a menm.

16 ¶ pa t' gen pesonn pou ede m' premye jou mwen t'ap fè defans mwen devan chèf yo. Tout moun kite m' pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l' padonnen yo sa.

17 Men, Seyè a te kanpe la avè m', li ban m' fòs. Se sak fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m' nan bouch lyon an.

18 Seyè a va toujou delivre m' nan tout move pa. L'ap konsève m' pou m' ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.

19 Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen, ansanm ak tout moun ki lakay Onezifò yo.

20 Eras te rete Korent. Mwen te blije kite Twofim lavil Milè paske li te malad.

21 Fè posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Lenis, Klodya ak tout lòt frè yo voye bonjou pou ou.

22 Mwen mande Seyè a pou l' toujou la avèk ou. benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.

Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris,[a] paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris.

Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan.

Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w!

Remèsiman ak ankourajman

Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè. Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa. Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se kon sa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te kon sa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre. Se poutèt sa m ap fè w sonje sa: kenbe flam don Bondye ba w la byen limen. Don ou te resevwa lè m te poze men m sou tèt ou a. Paske Sentespri Bondye ban nou an, li pa rann nou timid. Okontrè, Lespri sa a ranpli nou ak fòs, ak lanmou epi ak bon kontwòl sou tèt nou.

Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye.

Bondye sove nou epi li rele nou pou n vin yon pèp apa pou li. Li pa fè sa poutèt sa nou te fè, men se paske li deside l konsa. Se yon don gratis li fè nou nan Jezikris, anvan menm lemonn te egziste. 10 Kounye a, don an parèt aklè, lè Jezikris te vin fèt. Li kraze puisans lanmò epi pa mwayen Bòn Nouvèl la, li montre nou chemen lavi pou tout tan.

11 Bondye ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl sa a kòm yon apot, epi kòm yon pwofesè. 12 Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.

13 Sa w tande m anseye, se sa ou dwe anseye tou. Se pou w swiv modèl yon ansèyman ki san fot avèk lafwa epi lanmou nou genyen pa mwayen Jezikris. 14 Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou.

15 Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen. 16 M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an. 17 Non, li pa t wont. Lè l te vini nan lavil Wòm, li chache jouktan l jwenn mwen. 18 M ap priye Senyè Jezi pou Onezifò kapab jwen mezerikòd Bondye nan jou sa a. Ou konnen ki valè ede frè sa te ede m nan Efèz.

Yon sòlda Jezikris ki lwayal

Timote, ou se yon pitit gason pou mwen. Se pou w chache vin pi solid toujou nan gras ak nan lanmou Jezikris la. Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo. Menm jan ak yon bon sòlda pou Jezikris, se pou ou aksepte pòsyon soufrans pa nou an. Yon sòlda dwe toujou obeyi kòmandan ki chèf li. Konsa, li pa pase tan l nan bagay ki pa gen rapò ak responsabilite l. Atlèt k ap kouri yo, yo dwe respekte tout règ yo, pou yo genyen laviktwa. Kiltivatè k ap travay di, se li ki dwe premye pou jwenn benefis rekòlt la. Panse sou sa m di w la a. Epi Senyè a ap ede w konprann tout bagay.

Sonje Jezikris soti nan ras fanmi David, dapre Levanjil m ap preche a, li leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon. 10 Se poutèt sa, mwen anba soufrans sa yo, poutèt moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou kapab rive nan delivrans ki genyen nan Jezikris la, ansanm avèk yon laglwa san fen.

11 Men sa ki sèten:

Si nou mouri avèk Kris,
    n ap viv ansanm avè l tou.
12 Si nou rete fidèl menm nan soufrans,
    n ap renye avè l tou.
Si nou refize di nou konnen l,
    l ap refize di li konnen nou tou.
13 Si nou pa fidèl,
    li menm, l ap toujou rete fidèl,
    paske li pa kapab nye pwòp tèt li.

Yon ouvriye ki fè Bondye plezi

14 Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman. 15 Ou menm, fè tout sa w kapab pou w prezante w san repwòch devan Bondye, yon moun k ap travay pou Bondye, ki kontan nan sa l ap fè epi k ap preche mesaj Bondye korèkteman.

16 Pa antre nan vye diskou ki pa gen okenn sans, ki pa ale nan menm sans ak lafwa. Wi, moun konsa, se moun k ap ale pi lwen Bondye tanzantan. 17 Move ansèyman yo ap vale tèren menm jan ak yon maladi ki anndan yon kò. M ap pale de Imene ak Filèt: 18 Yo vire ale lwen verite a epi y ap kraze lafwa plizyè moun, lè y ap di rezireksyon an gentan rive deja.

19 Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”.(A) Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.

20 Nan yon gwo kay, genyen bagay ki fèt an ò, gen lòt ki an lajan. Men tou, genyen bagay ki fèt avèk bwa, lòt avèk tè ajil. Kèk nan bagay sa yo, yo la pou itilize nan moman espesyal, lòt yo pou itilizasyon òdinè. 21 Senyè a vle itilize w pou moman espesyal yo. Poutèt sa, netwaye lavi w, retire tout sa k pa bon. Lè sa a, ou va san peche, epi Mèt la va kapab itilize w. Ou va prèt pou fèt tout sa ki byen.

22 Kanpe lwen yon seri de move bagay jenn moun tankou w yo konn vle fè. Toujou chache fè sa ki dwat, chache gen lafwa, lanmou ak lapè avèk moun k ap priye Senyè a ak kè yo pwòp. 23 Men, pa mele nan vye diskisyon ki pa gen sans. Ou konnen, vye diskisyon kon sa toujou fini nan kont. 24 Yon sèvitè Senyè a pa dwe nan diskisyon ki mennen kont ak moun. Ou dwe byen ak tout moun. Ou dwe anseye byen. Epi ou Dwe gen pasyans. 25 Ou dwe korije moun ki kont ou yo avèk dousè. Ou pa janm konnen, Bondye kapab chanje yo pou fè yo aksepte verite a. 26 Lè sa a, y o va chape soti nan pèlen lespri malen an ki fè yo vin esklav li, pou fè yo fè sa l vle.

Anpil moun pral sispann renmen Bondye

Ou dwe konnen sa: nan dènye jou yo, pral gen tan ki difisil. Lèzòm ap vin egoyis, zanmi lajan. Yo pral vante tèt yo, y ap ògeye epi yo pral ensilte Bondye. Yo p ap obeyi paran yo ankò, yo p ap kapab remèsye moun ankò. Y ap vin drese yo kont tou bagay ki fè Bondye plezi yo. Yo p ap gen kè sansib pou pèsòn, y ap san pitye, y ap pale moun mal. Yo p ap kapab kontwole tèt yo ankò, y ap kriminèl, y ap drese yo kont tou sa ki byen. Zanmi pral trayi zanmi, y ap vyolan, ògèy ap bouche je yo pou yo pa wè. Y ap pi renmen plezi pase Bondye. Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!

Gen kèk nan yo ki pran abitid mache lakay moun. Yo pran yon seri medam ki fèb nan pyèj yo. Medam sa yo te gentan chaje peche deja epi lafwa yo pa t solid. Medam sa yo se moun tout kalite lanvi ap mennen. Yo toujou ap aprann yon bann bagay, men yo pa janm rive konnen verite a vre. Se menm jan ak Janès epi Janbrès[b] nan tan lontan, ki te konbat kont Moyiz. Se menm jan an tou, moun sa yo ap batay kont verite a. Se yon bann moun ki gen lespri yo bouche, lafwa moun sa yo pa vo anyen. Men se pa moun k ap rive lwen nan sa yo vle fè a. Tout moun ap rive wè se moun ki pa byen nan tèt yo ye, menm jan yo te rive dekouvri kilès Janès ak Janbrès te ye.

Dènye enstriksyon

10 Men ou menm, ou toujou ap swiv jan mwen anseye, konpòtman mwen. Ou konnen pwojè m yo. Ou konnen lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen, fidelite mwen. 11 Ou konnen kijan yo te atake m di, ak tout soufrans mwen te konnen nan Antyòch ki nan Pisidi a, nan Ikòn, nan List. Wi, mwen soufri anpil. Poutan, Senyè a delivre m anba tout latwoublay sa yo. 12 Dayè menm, tout moun ki vle mennen yon lavi ki fidèl epi ki makònen avèk Jezikris, y ap jwenn pèsekisyon. 13 Men mechan yo k ap fè bagay pou twonpe moun yo, yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo. Y ap mache twonpe moun epi lòt moun menm ap twonpe yo tou.

14 Ou menm, se pou w kontinye swiv ansèyman ou te resevwa a. Ou konnen se li ki bon, paske ou konnen ou kapab fè moun ki te anseye w yo a konfyans. 15 Depi w piti, ou konnen Bib la. Sa ki nan Bib la kapab rann ou saj. Epi sajès sa a mennen nan lavi etènèl pa mwayen lafwa nan Jezikris. 16 Se Lespri Bondye ki fè ekri tout sa ki nan Bib la. Li bon pou anseye, pou montre moun sa ki pa bon nan lavi yo. Epi li bon tou pou korije fot, pou anseye kijan pou moun viv yon jan ki dwat. 17 Lè moun ap sèvi ak Bib la, y ap prepare epi y ap genyen tout sa yo bezwen pou yo fè zèv ki bon.

Men sa m ap mande w ak tout fòs mwen, nan prezans Bondye ak nan prezans Jezikris ki gen pou vin jije vivan kou mò, epi pou tabli wayòm li a. Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.

Paske, gen yon jou k ap vini, moun yo p ap vle tande yon ansèyman ki dwat. Men yo pral swiv moun k ap anseye bagay ki fè yo plezi. Yo pral fè apèl ak moun k ap di sa yo ta renmen tande. Yo pral fèmen zòrèy yo pou yo pa koute verite a epi yo pral louvri zòrèy yo pou koute vye istwa k ap bay manti. Men ou menm, kontwole tèt ou byen nan tout bagay. Sipòte soufrans, travay nan anonse Levanjil. Travay pou w yon bon sèvitè.

Paske pou mwen menm, lavi m pral kòm yon sakrifis pou Bondye. Lè a rive pou m kite tè sa a. Mwen te mennen yon bon konba, mwen fini kouri nan kous la, mwen sèvi Senyè a fidèlman. Kounye a, mwen ranpòte laviktwa. Kouwòn rekonpans kous la ki montre mwen se yon moun ki dwat devan Bondye a, l ap tann mwen. Wi, Senyè a, ki rann jistis san patipri, l ap ban mwen l, lè jou a va rive. Se pa mwen menm sèlman, men tout moun ki t ap tann jou Senyè a va retounen, avèk lanmou nan kè yo pou li, l ap bay yo l tou.

Kèk pawòl pèsonèl

Fè sa w kapab pou w vin jwenn mwen byen vit. 10 Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi. 11 Se sèlman Lik ki rete avè m. Lè w ap vini, mennen Mak avè w, paske l ap enpòtan pou mwen nan travay m ap fè isit la. 12 Mwen voye Tichik ale nan Efèz.

13 Lè m te nan Twoas, mwen te kite yon manto m lakay Kapis. Lè w ap vini, pote l pou mwen. Pote liv mwen yo pou mwen tou, liv ki sou pachemen yo, se yo m bezwen.

14 Aleksann, fòjewon an, li fè m anpil mechanste. Senyè a ap jije l daprè zèv li. 15 Ou menm tou, veye kò w avè l, paske se yon nonm k ap fè opozisyon ak tout sa n ap anseye.

16 Lè m t ap defann mwen pou premye fwa a, pèsòn pa t ede m. Tout moun vire do ban mwen. Mwen priye pou Bondye pa pran sa pou anyen. 17 Men Senyè a te kanpe avè m. Senyè te ban m fòs. Konsa, mwen bay Levanjil tout kote m pase. Mwen fè tout payen yo tande Levanjil. Konsa, mwen te delivre soti nan bouch lyon an. 18 Senyè a va delivre m tou, lè nenpòt moun va vle fè m mechanste. Senyè a ap fè m rive nan wayòm syèl li a san pwoblèm. Tout laglwa se pou Senyè a, pou tout tan gen tan. Amèn!

Salitasyon fin al

19 Mwen voye salye Priska ak Akilas, salye fanmi Onezifò yo tou. 20 Oras rete nan Korent. Mwen kite Twofim tou malad a Milè. 21 Fè vit pou w vini anvan livè a rive.

Ebilis, Pidens, Linis, Klodya ansanm ak tout lòt frè ak sè yo voye salye w.

22 Timote, mwen priye pou Senyè a akonpanye lespri w! Se pou gras li avèk nou tout! Amèn.

Footnotes

  1. 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 3:8 Janès epi Janbrès Li pwobab se te majisyen yo ki te nan lakou Farawon an. Gade nan Egz 7:11-12, 22.