2 Istwa 30:2-12
Haitian Creole Version
2 Wa a te diskite koze a ak chèf li yo ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan: yo deside pou yo fete fèt Delivrans lan nan dezyèm mwa a.
3 Yo pa t' ka fè l' lè pou yo te fè l' la pou de rezon. Pou konmanse, pa t' ankò gen kont pret ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lèfini, tout pep la pa t' reyini lavil Jerizalèm.
4 Ni wa a, ni pèp la te dakò se te yon bon lide pou yo te fè l' lè sa a.
5 Se konsa yo pran desizyon voye envitasyon bay tout pèp Izrayèl la, depi lavil Becheba nan sid jouk lavil Dann nan nò, pou yo vini lavil Jerizalèm fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Paske anvan sa, tout moun yo pa t' konn vini nan fèt la jan Lalwa mande l' la.
6 Se konsa yo voye mesaje nan tout peyi Jida a ak nan tout peyi Izrayèl la avèk lèt wa a te siyen ansanm ak chèf li yo. Dapre lòd wa a te bay, men mesaj yo t'ap mache fè konnen: -Nou menm rès pèp Izrayèl la, nou menm ki te chape anba men wa peyi Lasiri yo lè yo te anvayi peyi a, tounen vin jwenn Seyè a, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl la, konsa l'a tounen vin jwenn nou tou.
7 Piga nou fè tankou zansèt nou yo ak lòt frè parèy nou yo ki pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, Bondye yo a. Nou wè jan li te kite yo fini.
8 Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Seyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Seyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Seyè a, Bondye nou an, pou Seyè a pa fache sou nou ankò.
9 Si nou tounen vin jwenn Seyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, l'a kite yo tounen nan peyi yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, l'a louvri bra l' ban nou.
10 Mesaje yo ale toupatou nan peyi moun Efrayim ak moun Manase yo, yo pase nan tout lavil yo, yo rive jouk nan peyi moun Zabilon yo. Men, moun t'ap ri yo, yo t'ap pase yo nan betiz.
11 Tansèlman, te gen kèk moun nan branch fanmi Asè, nan branch fanmi Manase ak nan branch fanmi Zabilon ki rekonèt fòt yo epi ki moute lavil Jerizalèm.
12 Bondye te manyen kè moun peyi Jida yo tou, yo mete tèt ansanm pou yo fè sa wa a ak lòt chèf yo te mande yo fè, dapre lòd Seyè a te bay.
Read full chapter