Add parallel Print Page Options

15 Nou ka soufri se vre, men nou pa dwe ap soufri paske nou touye moun, nou vòlè, nou kreye pwoblèm pou lòt moun osinon paske nou foure bouch nan bagay ki pa gade nou. 16 Men si n ap soufri paske nou se kretyen, nou pa bezwen wont. Nou ta dwe di Bondye mèsi paske nou pote non kretyen. 17 Li lè pou jijman an kòmanse, epi se pèp Bondye a k ap jije anvan. Si l kòmanse avèk nou. Nou pa bezwen mande kisa ki pral rive moun ki pa aksepte Levanjil la.

Read full chapter