Matye 8:23-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi kalme yon tanpèt
(Mak 4:35-41; Lik 8:22-25)
23 Jezi monte nan yon bato, li menm avèk disip li yo. 24 Pandan yo sou lak la, yon gwo van vin leve epi vag yo te prèske anglouti bato a. Men Jezi li menm t ap dòmi. 25 Disip li yo te pwoche bò kote l, epi yo reveye l. Yo di li: “Mèt, sove nou n ap peri!”
26 Jezi di yo: “Pouki nou si tèlman pè? Lafwa nou vrèman piti!” Apre sa, Jezi leve kanpe, li kòmande van an fè silans, epi tout bagay antre nan lòd.
27 Mesye yo te etone anpil, epi youn t ap di lòt: “Ki kalite moun nonm sa a ye? Menm van ak vag lanmè obeyi l?”
Read full chapter
Mak 4:35-41
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi kalme yon tanpèt
(Mat 8:23-27; Lik 8:22-25)
35 Menm jou a nan aswè, Jezi di disip li yo: “An al lòt bò lak la.” 36 Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi. 37 Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo. 38 Men Jezi te mete tèt li sou yon zòrye, li t ap dòmi dèyè bato a. Disip yo leve l, yo di l: “Mèt, sa pa fè w anyen nou pral neye.”
39 Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd.
40 Apre sa, Jezi di yo: “Poukisa nou pè konsa? Nou pa gen lafwa?”
41 Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”
Read full chapter
Lik 8:22-25
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi kalme yon tanpèt
(Mat 8:23-27; Mak 4:35-41)
22 Yon jou, Jezi te monte nan yon bato ansanm ak disip li yo epi li di yo: “Annou travèse sou lòt bò lak la.” Konsa, yo kòmanse navige pou y ale. Etan yo t ap navige, dòmi te pran Jezi. 23 Lamenm, yon gwo van vin tonbe soufle sou lak la. Bato a te kòmanse pran dlo epi lavi mesye yo te an danje. 24 Disip yo pwoche bò kote Jezi, yo reveye l. Yo di: “Mèt, mèt, men n ap nwaye wi.”
Jezi leve, li pale byen rèd ak van an ansanm ak lanm lanmè yo. Van an sispann epi lanmè a vin kal. 25 Apre sa, Jezi di disip yo: “Kote lafwa nou?”
Disip yo menm te pè epi yo te sezi tou. Yo t ap pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Ki lès nonm sa a ye menm, pou menm van ak lanmè li pase yo lòd epi yo obeyi l?”
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International