Add parallel Print Page Options

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mat 21:1-11; Lik 19:28-40; Jan 12:12-19)

11 Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo. Li di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Lè nou rive, n a jwenn yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. Si nenpòt moun ta mande nou sa n ap fè konsa? Reponn li konsa: Mèt la bezwen prete l. L ap voye l retounen tousuit.”

Disip yo ale, yo jwenn yon jenn ti bourik mare bò wout la toupre yon pòtay. Yo lage li. Kèk moun ki te kanpe la di yo: “Kisa n ap fè konsa, poukisa n ap lage bourik la?” Yo reponn yo jan Jezi te di yo a, epi moun yo kite yo ale.

Yo mennen bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do li epi Jezi monte l. Anpil moun te tann rad yo sou wout la. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete sou wout la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:

“Louwanj[a] pou Sovè a!
    Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a!(A)
10 Viv wayòm k ap vini an,
    wayòm papa nou David.
    Lwanj pou Bondye ki nan syèl la.”

11 Jezi antre nan lavil Jerizalèm, epi l ale nan tanp lan. Li gade tout bagay toutotou li nan tanp la, men kòm li te gen tan fin ta, l ale Betani avèk douz disip li yo.

Jezi modi yon pye fig

(Mat 21:18-19)

12 Nan demen, etan yo t ap kite Betani, Jezi te santi l grangou. 13 Li wè yon pye fig pa twò lwen ki te chaje fèy, li avanse pou l wè si l ta jwenn kichòy sou li. Men lè l rive, li pa jwenn fig, se fèy sèlman li jwenn, paske se pa t sezon fig. 14 Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a.

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mat 21:12-17; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

15 Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 16 Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan. 17 Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m?(B) Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”(C)

18 Lè chèf prèt yo ak doktè lalwa yo tande pawòl sa yo, yo kòmanse ap chache yon okazyon pou yo touye Jezi. Yo te pè li, paske tout pèp la te etone pou wè jan l t ap anseye. 19 Nan aswè, Jezi ak disip li yo te kite vil la.

Jezi montre puisans lafwa

(Mat 21:20-22)

20 Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin. 21 Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèk.”

22 Jezi di yo: “Fè Bondye konfyans.” 23 An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre. 24 Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li. 25 Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, kon sa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.” 26 [b]

Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout

(Mat 21:23-27; Lik 20:1-8)

27 Jezi ak disip li yo retounen lavil Jerizalèm. Pandan li t ap mache nan lakou tanp lan, chèf prèt yo, doktè lalwa yo ak ansyen yo vin kote l. 28 Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”

29 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. 30 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”

31 Lè sa a, youn t ap di lòt: “Si nou reponn, batèm jan an soti nan Bondye, l ap mande nou, poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a, 32 Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, lè sa a pèp la pral lage nan kò nou.” (Lidè Juif yo te pè pèp la paske pèp la te kwè Jan te yon pwofèt.)

33 Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.”

Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”

Footnotes

  1. 11:9 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize, lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè lwanj pou Bondye oubyen Mesi li a.
  2. 11:26 Kèk ansyen kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 26 la: “Men si nou pa padone lòt moun, Papa nou ki nan syèl la p ap padone nou peche nou non plis.”

进入耶路撒冷

11 耶稣和门徒们离耶路撒冷越来越近了,他们到了橄榄山 [a]附近的伯法其和伯大尼,耶稣派出两个门徒, 对他们说∶“你们到前边的那个村子里去。一进村,你们就会看见一匹驴驹拴在那里,它从未被人骑过。你们解开缰绳,把它牵到我这里来。 如果有人问你们为什么牵驴,你们就说∶‘主人要用它,但他会很快把它送回来的。’”

于是,那两个门徒就去了。他们果然看见一头驴驹拴在街上的一座房门附近,就过去解缰绳。 旁边有人问道∶“你们解开驴驹做什么?” 他们就照耶稣的话回答了他们,那些人就让他们牵走了驴驹。 他们把驴驹牵到耶稣面前,把自己的衣服垫在驴背上,让耶稣骑在上面。 许多人把衣服铺在路上,还有人从田间砍来树枝铺到路上。 他们前呼后拥地喊着:

“‘和撒那 [b]!’
‘祝福那位奉主的名而来的人吧!’ (A)

10 祝福即将来临的我们祖先大卫的王国吧,
和撒那,高居天之巅的上帝!”

11 耶稣来到耶路撒冷,走进大殿院,把里边的一切看了个遍。因为天色已晚,耶稣和十二使徒出城到了伯大尼。

耶稣诅咒无花果树

12 第二天,当他们离开伯大尼时,耶稣觉得很饿。 13 这时他远远看见一棵枝繁叶茂的无花果树,就走过去想看看树上有没有果实。他来到树下,却发现树上只有叶子,因为现在还不到结果的季节。 14 耶稣对树说∶“从今以后再不会有人吃到你的果实了。”他的门徒们都听见了这话。

耶稣去大殿

15 耶稣他们来到了耶路撒冷。当他们走进大殿院之后,耶稣开始撵走了在那里做买卖的人,推倒了兑换钱币的人的桌子,掀翻卖鸽子人的凳子。 16 他不许任何人拿着东西穿过大殿院。 17 然后耶稣开始教导人们说∶“《经》上不是写着∶‘我的大殿将被称作万国祷告的大殿’ [c]吗?可是你们却把它变成贼窝了。 [d]

18 那些祭司长和律法师们听说了这些事,都开始寻找杀害耶稣的办法。因为众人都惊叹耶稣的教导,所以这些人又害怕他。 19 那天夜里,耶稣和门徒们离开了耶路撒冷。

信仰的力量

20 第二天早晨,耶稣和门徒们又上路了。他们看见那棵无花果树已经连根枯萎了。 21 彼得想起昨天的事,对耶稣说∶“拉比(老师),您瞧,昨天您诅咒过的那棵树已经枯萎了。”

22 耶稣回答说∶“信仰上帝吧! 23 我实话告诉你们,一个人对这座山说∶‘起来,投到海里去。’当他说这话时,只要心中没有疑虑,相信自己的话一定会实现,上帝就会为你们成全此事。 24 所以我告诉你们:在祷告中请求,只要相信你们已经得到它,那么它就会属于你们。 25 当你们祈祷的时候,如果想起和某人为某事有气,就宽恕他吧。你们在天之父也会宽恕你们的罪过。” 26  [e]

犹太人首领怀疑耶稣的权威

27 耶稣和门徒们又来到了耶路撒冷。当耶稣在大殿院里行走时,祭司长、律法师和年长的犹太首领走过来 28 对他说∶“你凭什么权力做这些事情呢?谁给了你这种权力的呢?”

29 耶稣说;“我问你们一个问题,如果你们回答了我,我就告诉你们我凭什么权力做这些事情。 30 告诉我,约翰所施的洗礼 [f]是来自天上还是来自人间呢?”

31 他们彼此议论说∶“如果咱们说‘来自天上,’他就会说‘那么你们为什么不相信他呢?’ 32 但是,如果咱们说‘来自人间,’那么众人会愤怒的。”(这些人都害怕大众,因为人们都相信约翰是先知。)

33 于是他们回答说∶“我们不知道。”

这时耶稣对他们说∶“那我也不会告诉你们我凭什么权力做这些事。”

Footnotes

  1. 馬 可 福 音 11:1 橄榄山: 位于耶路撒冷附近的一座山。
  2. 馬 可 福 音 11:9 和撒那: 赞美,希伯来语用在请求上帝帮助的祈祷中。此时也许是用于赞美上帝或他的弥赛亚的欢乐的高呼。
  3. 馬 可 福 音 11:17 参见旧约《以赛亚书》56:7。
  4. 馬 可 福 音 11:17 引自《耶利米书》7:11。
  5. 馬 可 福 音 11:26 一些早期希腊版本增有第26节:但是如果你们不宽恕别人,那么你们在天之父也不会宽恕你们的罪。
  6. 馬 可 福 音 11:30 洗礼: 或浸礼,希腊文意思是把人或东西暂短地浸在或没入水中。