所以我們要離開有關基督的初級道理,努力邁向成熟,而不是再次打基礎:教導為致死的行為悔改、信靠上帝、 各種洗禮、按手禮、死人復活、永遠的審判等道理。 上帝若許可,我們會這樣做。

有些人曾蒙上帝光照,嚐過天賜恩典的滋味,有份於聖靈, 嚐過上帝之道的甘美,領悟到永世的權能, 卻背棄了真道,讓他們重新悔改是不可能的。因為他們等於把上帝的兒子重新釘在十字架上,使祂再度公開受辱。 一塊經常受到雨水滋潤的田地若為耕種的人長出莊稼來,就蒙上帝賜福; 若長出來的盡是荊棘和蒺藜,就毫無價值,它會面臨被咒詛的危險,最後必遭焚燒。

親愛的弟兄姊妹,雖然我們這樣說,卻深信你們的光景比這強,有得救的表現。 10 因為上帝並非不公義,以致忘記你們為祂所做的工作以及你們過去和現在服侍聖徒所表現的愛心。 11 願你們各人從始至終表現出同樣的殷勤,以便對所盼望的有完全的把握。 12 這樣,你們就不致懶散,可以效法那些憑信心和忍耐承受應許的人。

上帝的應許可靠

13 當初,上帝向亞伯拉罕許下諾言的時候,因為沒有比自己更大的可以憑著起誓,就憑自己起誓說: 14 「我必賜福給你,使你子孫眾多。」 15 亞伯拉罕經過耐心的等待,得到了上帝的應許。

16 人總是指著比自己更大的起誓,並用誓言作保證,了結各樣的爭論。 17 同樣,上帝為要向承受應許的人顯明祂的旨意絕不更改,就用誓言向他們保證。 18 上帝絕不說謊,祂將永不改變的應許和誓言給了我們,使我們這些尋找避難所、持定擺在前面之盼望的人可以大得鼓勵。 19 我們有這盼望作我們靈魂的錨,既安穩又可靠,一直通往聖幕裡面的至聖所。 20 耶穌照麥基洗德的模式成了永遠的大祭司,祂替我們先進入了聖幕內。

1-2 Konsa, nan sa ki konsène Jezikris, nou ta dwe fini ak premye leson yo. Nou pa dwe kontinye ap tounen dèyè, menm kote nou te kòmanse a. Wi, nan kòmansman, nou te aprann klè pou nou vire do bay vye zak nou te konn pratike yo epi pou nou mete konfyans nou nan Bondye. Se lè sa a tou, nou te aprann kesyon batèm,[a] poze men sou tèt moun,[b] rezireksyon moun ki mouri, ak jijman fin al. Kounye a, se lè pou nou avanse nan ansèyman ki pi solid toujou. Wi, an nou fè sa nan mezi Bondye pèmèt nou.

4-6 Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun kon sa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.

Lè yon tè bwè dlo lapli ki tonbe sou li, li bay kiltivatè a bon rekòt, Bondye beni tè sa a. Men si se pikan ak move zèb l ap pwodui, li pa itil anyen. Bondye ap modi l, epi l ap mete dife ladan l.

Zanmi m yo, se vre nou pale konsa, men nou vrèman pa espere okenn nan nou ta nan ka sa a. Nou espere pi bon bagay pou nou, nou sèten nou nan chemen delivrans lan. 10 Bondye pa enjis, li p ap bliye tout travay nou fè pou li. L ap sonje ki kalite lanmou nou te montre nou genyen pou li nan jan nou te ede lòt kretyen ak nan jan n ap kontinye ede yo. 11 Nou swete volonte ak dezi nou genyen pou montre lanmou kontinye rete aktif pou tout rès lavi nou. Konsa, nou ka sèten esperans nou yo ap satisfè. 12 Nou pa vle nou vin parese. Nou vle nou vin menm jan avèk sila yo ki pral resevwa tout sa Bondye te pwomèt l ap bay yo poutèt lafwa ak pasyans yo.

13 Bondye te fè Abraram pwomès. Men kòm pa gen pèsonn ki pi wo pase l, Bondye te sèvi ak pwòp non l kòm sèman pou bay garanti pou pwomès la. 14 Men li te di: “Wi, mwen ba ou garanti m ap beni w. M ap ba ou pitit san konte.”(A) 15 Abraram te tann ak pasyans. Abraram te resevwa sa Bondye te pwomèt la.

16 Lèzòm toujou sèvi ak non yon moun ki pi gran pase yo pou yo fè yon pwomès avèk sèman. Sèman an sèvi kòm yon garanti epi li mete fen ak tout diskisyon. 17 Paske Bondye te vle montre yon fason klè pa gen mank nan pwomès li te fè a, kon sa li te fè yon pwomès ak sèman. 18 De bagay ki pa ka chanje: Bondye pa ka bay manti, li pa ka pa kenbe pwomès li te fè. Konsa, pou nou menm ki chache refij nan Bondye, nou ankouraje kenbe esperans nou pi fèm toujou. 19 Esperans nou genyen an se tankou yon lank bato pou lavi nou. Li fikse byen solid. Li travèse rido[c] Tanp lan. 20 Jezi deja antre la, epi l ap fè wout pou nou. Se li menm ki tounen granprèt pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.

Footnotes

  1. 6:1-2 batèm Mo a ka vle di batèm kretyen yo tou senpleman (plonje anba dlo), men kon sa tou, li gen dwa ap pale sou aspè seremoni pirifikasyon Jwif yo.
  2. 6:1-2 poze men sou tèt moun Se te yon fason pou mande Bondye beni moun nan yon fason espesyal, pou l geri yo, pou l pèmèt Sentespri a vin rete nan kè yo oubyen pou l ba yo pouvwa pou yo fè yon travay espesyal.
  3. 6:19 rido Rido espirityèl tanp ki nan syèl la, ki te senbolize nan rido tanp lan ki te separe pati andan an (kote prezans Bondye te ye a) ak lòt pati ki nan Tant lan epi tou ki te nan lye trèsen Tanp Jerizalèm nan. Gade Rido nan Lis Mo yo. Menm jan an tou nan 10:20.