Add parallel Print Page Options

32 ¶ Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò.

Men, Eliyou ki te kanpe la fè yon sèl kòlè. Eliyou sa a, se pitit Barakèl, moun fanmi Bouz, nan branch fanmi Ranm lan. Li fè yon sèl kòlè sou Jòb, paske Jòb t'ap bay tèt li rezon, li t'ap bay Bondye tò.

Li te ankòlè sou twa zanmi Jòb yo tou. Yo pa t' jwenn anyen pou yo reponn Jòb. Konsa, yo menm tou, se Bondye yo te bay tout tò a.

Antan yo twa a t'ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l'.

Lè li wè mesye yo pa t' jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè.

¶ Li pran lapawòl, li di konsa: -Mwen menm, se jenn gason mwen ye. Nou menm, se granmoun nou ye. Se poutèt sa mwen te yon ti jan wont. Mwen te pè antre nan koze a.

Mwen t'ap di nan kè m': Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò.

Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!

Se pa laj ki bay moun bon konprann. Se pa cheve blan ki fè moun konnen sa ki dwat.

10 Koulye a, mwen ta renmen nou koute m'. Kite m' di nou sa m' konnen sou koze a.

11 Mwen tande byen tande tou sa nou di. Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m' pa manke anyen nan pawòl nou yo, pandan n'ap chache mo pou nou di.

12 Mwen t'ap swiv sa n'ap di. Men, yonn nan nou pa rive fè Jòb fèmen bouch li. Nou yonn pa rive demanti msye.

13 Pa vin di m' nou konprann koulye a se Bondye ki pou reponn. Lèzòm pa kapab.

14 Se avè nou Jòb t'ap pale. Se pa avè m'. Konsa, mwen pral reponn msye yon lòt jan.

15 ¶ Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò.

16 Mwen t'ap tann yo. Men, koulye a yo fèmen bouch yo. Yo sispann pale, yo pa reponn ou.

17 Atòkile, se mwen ki pral pale, mwen pral di ou sa m' konnen nan koze a.

18 Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m' pa pale m'a toufe.

19 Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l' ye a.

20 Se pou m' pale pou m' ka soulaje konsyans mwen. Se pou m' louvri bouch mwen reponn ou.

21 Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a.

22 Mwen pa konn flate moun. Lèfini, si m' ta fè sa, Bondye ki kreye m' lan ta disparèt mwen lapoula.

33 ¶ Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'.

M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen.

M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale.

Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi.

Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'.

Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou.

Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen!

¶ Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di:

Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen.

10 Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'.

11 Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè.

12 La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.

13 Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'?

14 ¶ Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di.

15 Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.

16 Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.

17 Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo.

18 Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.

19 ¶ Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.

20 Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou.

21 Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen.

22 Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen.

23 Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo.

24 Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li.

25 Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn.

26 Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun.

27 L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.

28 Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.

29 ¶ Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm,

30 pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.

31 Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale!

32 Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon.

33 Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann.

34 ¶ Eliyou pran lapawòl ankò. Li di konsa:

-Nou menm moun lespri yo, koute sa m'ap di nou! Nèg save yo, louvri zòrèy nou!

Zòrèy konnen lè pawòl bèl menm jan bouch konnen lè manje gou.

Annou wè kote jistis la ye. Ann mete rezon an kote pou l' ye a.

Jòb pretann li nan dwa li, se Bondye ki derefize rann li jistis.

Li di: Si m' di m' antò, se manti m'ap bay. Mwen malad pou m' mouri. Men, m' pa fè anyen ki mal.

Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè.

Li fè bann ak moun k'ap fè mechanste yo. L'ap pwonmennen ansanm ak malveyan yo.

Se li menm menm ki di ak bouch li: Sa pa rapòte anyen, lè yon moun ap chache fè volonte Bondye.

10 ¶ Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri.

11 Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo.

12 Non! Bondye pa janm fè sa ki mal. Bondye ki gen tout pouvwa a pa nan paspouki.

13 Se pa yon lòt moun ki te bay Bondye pouvwa pou l' gouvènen latè, ni se pa yon lòt moun ki te mete tou sa ki egziste sou kont li.

14 -(we vèsè pwochen)

15 Si Bondye te kenbe souf ki bay lavi a pou tèt li, yon sèl kou a, bèt kou moun ta mouri. Yo ta tounen pousyè tè ankò.

16 ¶ Si nou gen bon konprann, koute sa byen. Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap di.

17 Eske n'ap kondannen Bondye ki gen tout pouvwa a, epi k'ap rann jistis la? Eske yon moun ki pa vle wè jistis ka gouvènen?

18 Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste.

19 Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.

20 Yo rete konsa yo mouri, yo ale nan mitan lannwit. Pèp la annik souke kò l', yo disparèt. Bondye touye gwo chèf yo san li pa leve ti dwèt li.

21 L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo.

22 Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè.

23 Li pa bezwen voye manda bay moun pou yo prezante devan l' pou l' jije yo.

24 Li pa bezwen nan chache konnen pou l' kraze chèf yo, lèfini pou l' mete lòt moun nan plas yo.

25 Paske li konnen dènye sa yo fè. Yon jou lannwit konsa, li desann yo li pilonnen yo anba pye l'.

26 Li souflete yo tankou malfektè nan mitan lari pou tout moun ka wè.

27 Paske yo te vire do ba li, yo te fè tankou yo pa konnen lòd li bay yo.

28 Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo.

29 Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.

30 Li p'ap kite move chèf gouvènen yo, li p'ap kite yo tann pèlen pou pèp la.

31 ¶ Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.

32 Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.

33 Dapre ou, Jòb, èske se pou Bondye pini l'? Mwen mande ou sa paske m' konnen ou pa dakò ak sa Bondye fè a. Men, se ou menm ki pou deside. Pa mwen menm. Manyè di m' sa ki nan kè ou.

34 Moun lespri ansanm ak moun bon konprann k'ap koute m' yo va di m' konsa:

35 Jòb ap pale anpil, men li pa konn sa l'ap di. Tou sa l'ap di yo pa gen ni pye ni tèt.

36 Egzaminen byen tou sa Jòb di la a. N'a wè li pale tankou yon moun ki mechan nan kè l'.

37 Li fin fè kont peche l', koulye a l'ap kenbe tèt ak Bondye. L'ap seye fè nou konprann li pa antò. L'ap plede fè Bondye remontrans.