Add parallel Print Page Options

14 ¶ Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!

Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase.

Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l'?

Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun.

Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje.

Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m' pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m' pran yon ti kanpo.

¶ Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l', l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri.

Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch,

depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen, l'ap pouse kreyòl.

10 Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.

11 Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule.

12 Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a.

13 Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò.

14 Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.

15 Lè sa a, ou ta rele m', mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan.

16 ¶ Lè sa a, ou ta gade jan m'ap mache a, men, ou pa ta chonje sa m' te konn fè ki mal.

17 Ou ta padonnen m' peche m' yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete.

18 Rive yon lè se pou mòn yo anfale, se pou wòch yo woule desann.

19 Rive yon lè dlo ap fin manje wòch yo, lapli ap fin bwote tout tè a desann. Konsa tou, rive yon lè ou wete tout espwa nan kè moun.

20 Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale.

21 Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen.

22 Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!

15 ¶ Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa:

-Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè.

Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen.

Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye.

Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay.

Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou.

Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo?

Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun?

Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann?

10 Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.

11 Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a.

12 Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou!

13 W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'.

14 Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?

15 Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'.

16 Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!

17 ¶ Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè.

18 Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'.

19 Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo.

20 Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.

21 Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.

22 Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo.

23 Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo.

24 Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay.

25 Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye.

26 Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye.

27 Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès!

28 Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi.

29 Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt.

30 Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale.

31 Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen.

32 Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò.

33 Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'.

34 Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.

35 Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.

16 ¶ Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:

-Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.

Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!

Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.

M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.

¶ Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga.

Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.

Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.

Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'!

10 Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.

11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.

12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.

13 L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò.

14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.

15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.

16 Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.

17 ¶ Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.

18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!

19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.

20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.

21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'.

22 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.