13 Jezi sòti ale bò lak la ankò, tout foul la te vin jwenn li epi li t ap anseye yo. 14 Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”
15 Apre sa, Jezi t al manje lakay Levi, te gen anpil anplwaye kontribisyon la, ak kèk lòt moun ki t ap viv nan peche epi ki t ap manje ansanm ak Jezi epi disip li yo. Yo te anpil epi yo t ap swiv Jezi tou. 16 Men, lè kèk nan eskrib yo ki te farizyen tou, yo te wè Jezi ap manje ak moun k ap viv nan peche ansanm ak anplwaye kontribisyon, yo di disip Jezi yo: “Ak ki kalite moun Jezi ap manje la a?”
17 Lè Jezi tande sa, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè, se moun ki malad ki bezwen doktè. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”
Read full chapter13 Jezi sòti ale bò lak la ankò, tout foul la te vin jwenn li epi li t ap anseye yo. 14 Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”
15 Apre sa, Jezi t al manje lakay Levi, te gen anpil anplwaye kontribisyon la, ak kèk lòt moun ki t ap viv nan peche epi ki t ap manje ansanm ak Jezi epi disip li yo. Yo te anpil epi yo t ap swiv Jezi tou. 16 Men, lè kèk nan eskrib yo ki te farizyen tou, yo te wè Jezi ap manje ak moun k ap viv nan peche ansanm ak anplwaye kontribisyon, yo di disip Jezi yo: “Ak ki kalite moun Jezi ap manje la a?”
17 Lè Jezi tande sa, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè, se moun ki malad ki bezwen doktè. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International