Get the the Verse of the Day in your inbox.

Add parallel Print Page Options

15 Si yo te regrèt peyi yo te kite a, yo te ka fè lide tounen dèyè. 16 Men yo te gen lespri yo konsantre sou yon pi bon peyi, yon peyi nan syèl la. Se sa ki fè Bondye pa wont lè yo rele l Bondye yo. E li prepare yon vil pou yo.

17-18 Bondye pase Abraram yon tès. Bondye pase l lòd pou l ofri Izarak an sakrifis. Abraram obeyi paske li te gen lafwa. Li te gentan gen pwomès Bondye kòm garanti. Bondye te gentan di l: “Se pa mwayen Izarak mwen pral ba w pitit pitit.”(A) Abraram te tou pare pou ofri sèl pitit gason l lan. Li te fè sa, paske li te fè Bondye konfyans.

Read full chapter