54 Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife.

55 Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo fè touye l, men yo pa t jwenn anyen. 56 Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt.

57 Se konsa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di: 58 “Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.” 59 Men, menm sa moun sa yo t ap di te depaman tou.

60 Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” 61 Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a,[a] Pitit Bondye beni an?”

62 Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”[b]

63 Lè sa a gran chèf prèt la chire rad li. Epi li di: “Ki temwanyaj nou bezwen anplis! 64 Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.”

Yo tout kondane li pou li mouri. 65 Kèk moun kòmanse krache sou li. Yo kouvri figi l epi yo di l: “Pwofetize non, di nou ki moun ki te frape w?” Apre sa, gad tanp lan yo te ba l anpil kalòt.

Pyè di li pa konnen Jezi

(Mat 26:69-75; Lik 22:56-62; Jan 18:15-18,25-27)

66 Pandan Pyè te toujou nan lakou a, youn nan ti sèvant gran chèf prèt la vin parèt. 67 Lè li wè Pyè ki t ap chofe dife, li gade Pyè epi li di l: “Ou menm tou ou te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.”

68 Men Pyè te nye sa jenn fi a di a, li di: “M pa ni konnen ni menm konprann sa ou ap di la.” Apre sa, Pyè fè yon vire, l al kanpe nan baryè a, se konsa yon kòk vin chante.[c]

69 Lè ti sèvant lan wè li, li ensiste devan moun ki te la yo, li di: “Nonm sa a se youn nan yo!” 70 Pyè nye sa ankò. Apre yon ti moman, moun ki te la yo di Pyè: “vle pa vle ou se youn nan yo, paske ou menm tou, ou sòti Galile.”

71 Pyè kòmanse fè sèman, li di: “M pa konn nonm sa a n ap pale a.”

72 La menm kòk la chante yon dezyèm fwa epi Pyè sonje pawòl Jezi te di li la: “Anvan kòk la chante de fwa, ou gen pou di ou pa konnen m twa fwa.” Lè Pyè pran sans sa k pase a, li tonbe kriye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:61 Mesi a Literalman, “Kris”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”, se yon tit yo konn bay wa yo, epi mo sa a vle di “Wenn” oubyen konsakre. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 14:62 Gade nan Sòm 110:1 ak Dan 7:13.
  3. 14:68 Kèk kopi an lang Grèk pa gen fraz “yon kòk vin chante”.