Add parallel Print Page Options

56 Yon sèvant wè yon moun chita bò dife a ki sanble Pyè. Li founi je gade l pi byen epi li di: “Nonm sa a te avèk Jezi tou wi.”

57 Men Pyè demanti li. Pyè di: “Non madanm, mwen pa konnen li.” 58 Yon ti tan apre sa, yon lòt moun wè Pyè epi li di: “Ou menm tou, ou fè pati gwoup moun sa yo.”

Men, Pyè di: “Non, monchè! Mwen pa fè pati moun sa yo.”

59 Yon bon tan apre sa, yon lòt moun di konsa: “Se sèten nonm sa a te avè l. Se moun Galile li ye.”

60 Men Pyè reponn: “Monchè, mwen pa menm konnen de kisa ou ap pale.”

Tousuit apre Pyè fin di sa, yon kòk chante. 61 Jezi vire tèt li, li gade Pyè. Menm lè a, Pyè vin sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan kòk la chante jodi a, ou ap gentan di ou pa konnen m pandan twa (3) fwa.” 62 Pyè soti deyò epi li tonbe kriye jouk li pa t kapab ankò.

Read full chapter