Add parallel Print Page Options

16 ¶ Sè yon kantik David. Pwoteje m', Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.

Mwen di Seyè a: -Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!

Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a.

Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo.

Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.

Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m' lan!

M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè.

¶ Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'.

Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.

10 Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.

11 W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.

17 ¶ Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti.

Se ou menm ki pral fè m' jistis, paske ou wè kote jistis la ye.

Ou mèt sonde kè m', ou mèt vin wè m' nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m' tout jan, ou p'ap jwenn okenn move lide nan kè m'. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m'.

Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo.

Se nan chemen ou yo mwen toujou mache. Se yo menm mwen swiv nèt ale.

M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou:

Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y'ap pèsekite yo, lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou.

¶ Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou.

Wete m' anba men mechan k'ap maltrete m' yo. Lènmi m' yo soti pou yo touye m', yo sènen m' toupatou.

10 Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale.

11 Kote m' fè, yo fann dèyè m'. Yo fin sènen m' nèt. Y'ap chache okazyon pou yo mete m' atè.

12 Yo tankou lyon, yo pa konn sa yo ta bay pou yo devore m'. Yo tankou jenn ti lyon, yo rete nan kachèt yo, y'ap veye m'.

13 Leve non, Seyè. Mache pran lènmi m' yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m' anba men mechan yo.

14 Sove m' anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo.

15 Men pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen.

20 ¶ Lè dezòd la sispann, Pòl reyini disip yo, li ba yo kèk pawòl ankourajman, li di yo orevwa, epi l' pati pou Masedwan.

Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesaj. Apre sa, li pati, li ale Lagrès.

Rive la, li ret pase twa mwa. Li tapral pran yon batiman pou peyi Siri lè l' vin konnen jwif yo t'ap pare yon pèlen tann li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwan ankò.

Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi.

Yo tout te pran devan, y' al tann nou Twoas.

Nou menm, apre fèt Pen san ledven yo, nou anbake sou yon batiman lavil Filip. Apre senk jou, nou jwenn yo lavil Twoas. Nou rete pase tout yon senmenn la.

¶ Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm. Pòl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou.

Nou te sanble nan pyès anwo kay la. Te gen anpil lanp limen ladan li.

Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesaj Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li soti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l', li te mouri frèt.

10 Pòl desanm, li bese sou li, li pran l' nan bra l', epi li di: Nou pa bezwen pè, li pa mouri.

11 Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati.

12 Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun.

13 ¶ Nou pran devan, n' al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l' konsa, li te fè lide ale Asòs apye.

14 Lè l' vin jwenn nou Asòs, nou pran l' abò a, epi n' ale Mitilèn.

15 Antan nou la, nou fè vwal ankò. Nan denmen nou rive devan Chio. Apre yon jou, nou rive Samòs. Nan denmen ankò nou debake Milè.

16 Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l' pa t' pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l' te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la.

Read full chapter