Add parallel Print Page Options

148 ¶ Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!

Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.

Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!

Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.

Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.

Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'.

¶ Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a,

dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè,

gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,

10 tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl.

11 Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm,

12 jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.

13 Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.

14 Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!

149 ¶ Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!

Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.

Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!

Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.

¶ Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,

pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,

pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,

pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!

150 ¶ Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!

Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!

Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!

Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!

Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!

Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!

29 Koulye a ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo?

30 Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa?

31 Frè m' yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m' di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyè nou an.

32 Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri.

33 Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

34 Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.

35 ¶ Men, yon moun va mande m': Ki jan moun ki mouri yo pral leve soti vivan nan lanmò? Ki kalite kò yo va genyen?

36 Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l' pa mouri anvan.

37 Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm.

38 Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo.

39 Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pa t' gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò.

40 Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la, gen kò ki fèt pou tè a. Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a.

41 Limyè solèy la gen bèlte pa l', lalin lan gen bèlte pa l', zetwal yo gen bèlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo.

42 Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri.

43 Lè yo te antere l', li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs.

44 Lè yo te antere l', li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou.

45 Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi.

46 Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre.

47 Premye Adan an, Bondye te fè l' ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti.

48 Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la.

49 Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la.

50 Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri.

51 ¶ M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fòm nan yon ti kadè,

52 anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.

53 Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri.

54 Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt.

55 Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan?

56 Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.

57 Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Seyè nou an!

58 ¶ Konsa, frè m' yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Seyè a p'ap janm pèdi.

Read full chapter