Add parallel Print Page Options

30 ¶ Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men deklarasyon nonm lan te fè: Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye! Mwen pa kapab ankò!

Mwen sòt pase panyen pèsi. Se pa moun mwen ye. Mwen pa gen lespri tankou tout moun.

Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans. Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye.

Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?

Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li.

Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.

¶ Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri.

Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la.

Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.

10 ¶ Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou.

11 Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo.

12 Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen.

13 Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo.

14 Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.

15 ¶ Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont.

16 Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase.

17 Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li.

18 ¶ Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa.

19 Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou.

20 Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal.

21 Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte.

22 Men yo: Se yon esklav ki rive chèf, se yon moun sòt ki gen tou sa li bezwen,

23 se yon fanm ki pa t' janm jwenn moun renmen l' epi ki resi mare yon nòs, se yon sèvant ki pran plas metrès li.

24 ¶ Gen kat ti bèt sou latè, gen lespri pase yo nanpwen:

25 Se foumi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la.

26 Se chat mawon: yo pa pi fò pase sa. Men, yo fè kay yo nan twou wòch.

27 Se krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann.

28 Se zandolit: ou ka pran yo nan men ou. Men, ou jwenn yo nan palè wa yo.

29 ¶ Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach:

30 Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo, li pa pè yo yonn.

31 Se bouk kabrit. Se chwal sele bride. Se wa lè y'ap mache devan lame yo.

32 Si ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou!

33 Si ou bat lèt, l'ap fè bè. Si ou frape yon moun sou men l', l'ap senyen. Si ou nan pouse dife, ou nan gwo kont.

31 ¶ Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li:

Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou?

Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.

Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.

Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.

Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.

Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.

Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.

Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.

10 ¶ Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.

11 Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.

12 Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.

13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.

14 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.

15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.

16 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.

17 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.

18 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.

19 Li file koton, li koud rad li.

20 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.

21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.

22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.

23 Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen.

24 Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.

25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.

26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.

27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.

28 Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li.

29 L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!

30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.

31 Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.

11 ¶ Mwen ta renmen nou pèmèt mwen pran pòz moun fou m' pou yon ti moman. Enben, wi, pèmèt mwen fè sa.

M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.

Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo.

Mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n' asepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvèl mwen te ban nou an.

¶ Pou mwen, mwen pa wè sa apòt ki kwè yo plis pase tout moun yo gen pase mwen.

Mwen ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fè nou wè sa.

Lè m' te anonse nou bon nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m' te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m' te fè sa?

Lè sa a, mwen te asepte lajan nan men lòt legliz yo. Se tankou si m' te pran nan sa ki pou yo pou m' te kapab ede nou.

Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pa t' sou kont pesonn lè m' te bezwen lajan, paske frè ki soti Masedwan yo te pote tou sa m' te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m' pou m' pa t' sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap toujou pran menm prekosyon sa a.

10 Jan mwen sèten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay manti, se konsa m'ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m' vante tèt mwen nan tout peyi Lakayi a, pesonn p'ap kapab wete l' nan men mwen.

11 Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou.

12 Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji koulye a, pou m' pa bay moun k'ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen.

13 Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.

14 Pa gen anyen la a ki pou fè n' sezi: ata Satan ka ranje kò l' pou l' pran pòz yon zanj limyè.

15 Si moun k'ap sèvi Satan yo pran pòz moun k'ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y'a jwenn sa y'ap chache a.

Read full chapter