Add parallel Print Page Options

22 ¶ Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.

¶ Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye.

¶ Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.

¶ Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.

¶ Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo.

¶ Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.

¶ Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.

¶ Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.

¶ Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.

10 ¶ Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.

11 ¶ Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.

12 ¶ Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.

13 ¶ Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.

14 ¶ Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.

15 ¶ Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.

16 ¶ Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.

17 ¶ Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.

18 L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.

19 Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.

20 Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo.

21 Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:

22 ¶ Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.

23 Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.

24 ¶ Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.

25 W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.

26 ¶ Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.

27 Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.

28 ¶ Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.

29 ¶ Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.

23 ¶ Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye.

Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou.

Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou.

¶ Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.

Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.

¶ Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou.

Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.

W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen.

¶ Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.

10 ¶ Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.

11 Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.

12 ¶ Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.

13 Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'.

14 Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri.

15 Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan.

16 M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou.

17 ¶ Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.

18 Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan.

19 ¶ Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat.

20 Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.

21 Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.

22 Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.

23 Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.

24 Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.

25 Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.

26 Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.

27 Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.

28 Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.

29 ¶ Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj?

30 Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.

31 Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou.

32 Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.

33 W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.

34 W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.

35 Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.

24 ¶ Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.

Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal.

¶ Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm.

Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.

Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg.

Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la.

¶ Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale.

Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l' fè sa ki mal, y'ap rele l' malveyan.

Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.

10 ¶ Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre.

11 ¶ Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite.

12 Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.

13 ¶ Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule soti nan gato myèl dous nan bouch ou,

14 se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l' ale.

15 ¶ Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l' rete a.

16 Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.

17 ¶ Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.

18 Seyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l' plezi. Li ka rive pa pini l' poutèt sa.

19 ¶ Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo.

20 Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri.

21 ¶ Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.

22 Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Seyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.

23 ¶ Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.

24 Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l'. Y'ap rayi l' toupatou sou latè.

25 Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l'. Tout zafè l' va mache byen.

26 Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi.

27 ¶ Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli.

28 ¶ Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.

29 Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a.

30 ¶ Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann.

31 Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe.

32 Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson.

33 Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon!

34 W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.