Add parallel Print Page Options

12 ¶ Kèk jou apre sa, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Se te yon jou repo. Disip li yo te grangou. Se konsa yo pran keyi grap ble, yo t'ap manje grenn yo.

Lè farizyen yo wè sa, yo di l' konsa: Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo.

Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l' yo?

Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l' yo pa t' gen dwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gen dwa sa a.

Osinon, èske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa?

Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan.

Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n'ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan.

Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, se mèt jou repo a mwen ye.

Jezi kite kote l' te ye a, li antre nan yonn nan sinagòg yo.

10 Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okasyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande l': Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou repo?

11 Jezi reponn yo: Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, èske li p'ap rale l' mete deyò?

12 Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo.

13 Lè sa a, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la.

14 ¶ Farizyen yo soti nan sinagòg la, y al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi.

15 Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l' te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo.

16 Men, li te pale sevè ak yo pou yo pa t' di ki moun li te ye.

17 Tou sa pase konsa, pou pawòl pwofèt Ezayi te di a te ka rive vre:

18 Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m' lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. m'a mete Lespri m' sou li, la fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.

19 Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l' fè diskou nan lari.

20 Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.

21 Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.

Read full chapter

¶ Apre sa, Jezi tounen ankò nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a.

Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li.

Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou.

Epi li di moun ki t'ap gade l' yo: -Kisa lalwa nou an pèmèt moun fè jou repo a? Byen osinon mal? Sove lavi yon nonm osinon kite l' mouri? Men yo pa louvri bouch yo reponn li.

Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.

Menm lè a, farizyen yo soti nan sinagòg la, y' al met tèt yo ansanm ak patizan Ewòd yo pou yo wè ki jan pou yo touye Jezi.

Jezi wete kò l' ak disip li yo, li ale bò lanmè Galile a. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide,

moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazenaj lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l' t'ap fè.

Jezi mande disip li yo pou yo pare yon kannòt pou li, pou foul la pa t' toufe l' twòp.

10 Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li.

11 Chak fwa move lespri yo te wè l', yo te tonbe nan pye l' ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a.

12 Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pa t' di ki moun li te ye.

13 ¶ Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li.

14 Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la.

15 Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.

16 Men douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè),

17 de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l' la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loraj.

18 Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,

19 ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi li yo.

20 Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo te manje.

21 Lè fanmi Jezi yo tande sa, yo soti pou yo vin chache l' paske tout moun t'ap di: -Nonm sa a fou.

22 ¶ Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: -Li gen Bèlzeboul, gwo wa dyab la, sou li. Yo t'ap di tou: -Se chèf move lespri yo menm ki ba li pouvwa pou chase move lespri yo.

23 Jezi rele yo, li di yo an parabòl: -Ki jan Satan fè ap chase Satan?

24 Si yon peyi gen divizyon ladan l' pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a pa la pou lontan.

25 Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan.

26 Se sak fè, si Satan konbat pwòp tèt li, si gen divizyon nan peyi Satan, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Talè konsa l'ap fini.

27 Pesonn pa kapab antre lakay yon nonm vanyan pou piye sa l' genyen, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', la piye kay la.

28 Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y'a fè, ak tout move pawòl ki va soti nan bouch yo.

29 Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan.

30 Jezi te pale konsa paske yo t'ap di-Li gen yon move lespri sou li.

31 ¶ Apre sa, manman Jezi ak frè l' yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li.

32 Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l' konsa: -Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou.

33 Li reponn yo: -Kilès ki manman m', kilès ki frè mwen?

34 Epi li pwonmennen je l' sou moun ki te chita sou kote l' yo, li di konsa: -Gade: men manman m', men frè m' yo.

35 Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman mwen.

¶ Yon jou repo, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote yo nan men yo, epi yo t'ap manje grenn yo.

Te gen kèk farizyen la ki di yo konsa: Poukisa n'ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?

Jezi pran lapawòl, li di farizyen yo konsa: Eske nou pa li sa David te fè li menm ak moun pa l' yo, yon jou yo te grangou?

Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje, li bay moun pa l' yo manje tou. Men dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gen dwa manje pen sa yo.

Apre sa li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen se mèt repo a.

Yon lòt jou repo, Jezi antre nan sinagòg la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Te gen yon nonm nan lasanble a ki te gen men dwat li pòk.

Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l' t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li.

Men, Jezi te konnen sak te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la: Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Nonm lan leve kanpe.

Apre sa, Jezi di moun yo: M'ap mande nou kichòy: Kisa lalwa a pèmèt moun fè jou repo a? Byen oswa mal? Sove lavi yon moun osinon kite l' mouri?

10 Apre sa, li pwonmennen je l' sou yo tout, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an geri.

11 Men, lòt moun yo pa t' manke ankòlè; yo t'ap diskite yonn ak lòt sou sa yo ta kapab fè Jezi.

12 ¶ Lè sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè.

13 Lè l' fè jou, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo apòt.

14 Se te Simon (Jezi te ba l' yon ti non Pyè), ak Andre, frè l', Jak ak Jan, Filip ak Batèlmi,

15 Matye ak Toma, Jak, pitit Alfè a, ak Simon (patriyòt la),

16 Jid, pitit Jak la, avèk Jida Iskariòt, nonm ki te trayi Jezi a.

17 Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te soti toupatou; te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanmè a. Yo te vin tande l', yo t'ap mande l' geri malad yo tou.

18 Moun ki te gen move lespri ap toumante yo te geri tou.

19 Tout moun t'ap chache manyen l', paske te gen yon fòs ki t'ap soti nan Jezi ki t'ap geri yo tout.

20 ¶ Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye.

21 benediksyon pou nou menm ki grangou koulye a, paske n'a jwenn manje an kantite. benediksyon pou nou menm k'ap kriye koulye a, paske nou pral nan kè kontan.

22 benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a.

23 Fè kè n' kontan lè sa va rive; nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.

24 Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo, paske nou deja jwenn sa nou t'ap chache a.

25 Malè pou nou, nou menm ki gen tout bagay an kantite koulye a, paske nou pral grangou pou n' mouri. Malè pou nou, nou menm k'ap ri koulye a, paske nou pral nan lapenn, se pa ti kriye n'a kriye.

26 Malè pou nou lè tout moun ap di nou se bon moun, paske se konsa zansèt nou yo te aji ak fo pwofèt yo.

27 ¶ Nou menm k'ap koute m' la a, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou.

28 Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.

29 Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l' pran chemiz nou tou.

30 Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l'. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l' pou li.

31 Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l' pou yo tou.

32 Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n' tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo.

33 Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo fè menm jan an tou.

34 Si se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank.

35 Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.

36 Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.

37 ¶ Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.

38 Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l', nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.

39 Epi li di yo yon lòt parabòl: Eske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Eske tou de p'ap tonbe nan menm twou a?

40 Yon elèv pa pifò pase mèt li; men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li.

41 Poukisa w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa a ki nan je pa ou la?

42 Ou menm ki pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la, ki jan ou kapab di frè ou: Frè m', kite m' wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou wete pay ki nan je frè ou la.

43 Yon bon pyebwa pa bay move donn, ni yon move pyebwa pa bay bon donn.

44 Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. Yo pa keyi fig frans sou pye rakèt, ni yo pa rekòlte rezen sou tout vye lyann.

45 Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale soti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale soti nan kè li ki move. Paske, sak nan kè yon nonm, se sak soti nan bouch li.

46 Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m' di nou fè?

47 Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki fè sa mwen di fè, men ki jan l'ap ye:

48 L'ap tankou yon nonm k'ap bati yon kay; li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati.

49 Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt.