Add parallel Print Page Options

22 ¶ Lè sa a, Jozye fè rele tout moun nan branch fanmi Woubenn, nan branch fanmi Gad ak nan mwatye branch fanmi Manase a, li reyini yo,

li di yo: -Nou fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòd fè a. Nou te koute m' chak fwa mwen te mande nou fè kichòy.

Depi nan konmansman rive jòdi a, nou pa lage moun pèp Izrayèl parèy nou yo, nou te fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, te mande nou fè.

Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden.

Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l' mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l' fèm. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.

Apre sa, Jozye ba yo benediksyon, li voye yo ale. Epi, y' al lakay yo.

Moyiz te pran peyi Bazan an, li te bay mwatye nan branch fanmi Manase a. Jozye menm te bay lòt mwatye branch fanmi an yon pòsyon tè nan peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Jouden an ansanm ak lòt branch fanmi pèp la. Lè Jozye t'ap voye premye mwatye moun Manase yo ale lakay yo, lè li fin beni yo,

li di yo konsa: -N'ap tounen lakay nou avèk anpil richès, avèk anpil bèt, avèk anpil bagay fèt an ajan, an lò, an kwiv, an fè, ansanm ak anpil rad. Separe avèk moun pèp Izrayèl parèy nou yo tou sa nou te pran nan men lènmi nou yo nan lagè.

Se konsa, moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak mwatye moun nan branch fanmi Manase yo tounen tounen yo lakay yo. Yo kite rès pèp Izrayèl la lavil Silo nan peyi Kanaran, y' al nan peyi Galarad, nan peyi yo te ba yo a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou yo.

10 ¶ Lè moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo rive devan larivyè Jouden, sou bò peyi Kanaran an, yo bati yon kokenn chenn lotèl sou rivaj la.

11 Lòt moun pèp Izrayèl yo vin konn sa. Moun te vin di yo: -Men moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo bati yon lotèl toupre larivyè Jouden sou fwontyè peyi Kanaran an, sou bò peyi moun Izrayèl yo.

12 Lè pèp Izrayèl la vin konn sa, tout moun sanble lavil Silo pou y' al goumen ak moun Woubenn yo, moun Gad yo ak lòt mwatye moun Manase yo.

13 Moun pèp Izrayèl yo voye Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, bò kote moun Woubenn yo, moun Gad yo ansanm ak mwatye moun Manase yo nan pèyi Galarad.

14 Yo te pran dis chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo voye yo avèk Fineas. Chèf sa yo, se moun ki te alatèt branch fanmi pèp Izrayèl yo.

15 Se konsa, mesye sa yo rive bò moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo nan peyi Galarad, epi yo di yo:

16 -Men sa tout moun pèp Izrayèl yo voye di nou: Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pep Izrayèl la? Poukisa jòdi a nou vire do bay Seyè a, n' al bati yon lotèl pou tèt pa nou? Poukisa nou leve kont Seyè a jòdi a?

17 Chonje peche nou te fè bò Peyò a, lè Seyè a te pini pèp li a. Jouk koulye a n'ap soufri pou bagay sa a toujou. Sa pa kont toujou?

18 Men jòdi a, n'ap vire do bay Seyè a ankò. Si nou leve kont Seyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache.

19 Si nou wè peyi yo ban nou an pa bon pou fè sèvis Bondye, pito nou vin bò isit la nan peyi Seyè a, kote kay Seyè a ye a. Mande pou yo ban nou yon pòsyon pou nou ladan l'. Men, pa leve kont Seyè a, ni pa vire do ban nou. Piga nou kite lotèl Seyè a, Bondye nou an, pou n' al bati yon lòt lotèl.

20 Chonje Akan, pitit gason Zera a, lè li te derefize swiv lòd Seyè a te bay pou bagay nou te fèt pou detwi nèt yo. Lè sa a, se tout pèp Izrayèl la nèt wi, Seyè a te pini. Se pa Akan sèlman ki te peye pou sa l' te fè a.

21 ¶ Lè sa a, moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo pran lapawòl, yo reponn chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo di yo:

22 -Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm.

23 Si nou bati lotèl sa a pou nou vire do bay Seyè a, pou nou ka gen lotèl pa nou pou boule bèt n'ap ofri yo sou li, oswa pou fè lòt ofrann jaden nou yo, osinon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou Seyè a mande nou kont pou sa nou fè a.

24 Pou di vre, nou te fè l' paske nou te pè pou denmen pitit pitit nou menm moun pèp Izrayèl bò lòt bò a pa di pitit pitit pa nou yo bò isit la: Nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a.

25 Seyè a mete larivyè Jouden an tankou yon limit nan mitan pèp Izrayèl la yon bò ak moun Woubenn yo ak moun Gad yo yon bò. Se sa ki fè moun Woubenn yo ak moun Gad yo pa gen anyen pou yo wè ak Seyè a. Konsa pitit moun pèp Izrayèl yo va lakòz pitit moun Woubenn yo ak pitit moun Gad yo sispann gen krentif pou Seyè a.

26 Lè sa a nou di: Bon! Nou pral bati yon lotèl, nou pa pral boule ofrann ni touye ankenn bèt sou li.

27 Sèlman, se pou lotèl sa a sèvi yon mak pou nou tout ki la koulye a ak pou pitit nou yo, pou fè nou chonje se Seyè a nou sèvi avèk ofrann boule nou yo, avèk bèt nou touye yo, avèk ofrann pou di Bondye mèsi nou yo. Konsa denmen, pitit moun pèp Izrayèl yo p'ap ka di pitit pa nou yo: Wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a.

28 Nou te fè lide si yon jou yon moun ta vin di nou bagay konsa, osinon ta vin pale konsa ak pitit nou yo, n'a ka reponn yo: Gade! Men lotèl zansèt nou yo te bati. Li pòtre ak lotèl Seyè a. Se pa t' pou boule ofrann, ni pou touye ankenn bèt sou li. Men, se te yon mak pou fè nou tout chonje sak te pase!

29 Nou pa janm fè lide leve kont Seyè a, ni vire do ba li. Nou pa bati yon lotèl jòdi a pou nou boule bèt nou yo, ni pou fè ofrann jaden nou yo, ni pou touye bèt nou ofri yo. Nou p'ap janm bati yon lòt lotèl ki pou ranplase lotèl Seyè a, Bondye nou an, ki kanpe devan kay kote l' rete a.

30 ¶ Lè Fineas, prèt la, chèf pèp la ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl ki te ale avè l' yo tande sa moun Gad, moun Woubenn ak moun Manase yo te di yo, sa te fè yo plezi anpil.

31 Lè sa a, Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, pale ak yo, li di yo konsa: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk nou vre, paske nou pa t' chache vire do ba li. Se konsa nou sove pèp Izrayèl la anba chatiman Seyè a.

32 Apre sa, Fineas, pitit Eleaza, prèt la, ak tout chèf yo kite moun Woubenn yo ak moun Gad yo nan peyi Galarad, yo tounen nan peyi Kanaran al jwenn rès pèp Izrayèl la. Yo rapòte yo repons lòt moun yo te ba yo a.

33 Sa te fè pèp Izrayèl la plezi anpil: yo fè lwanj Bondye. Depi lè sa a, yo pa janm pale ankò sou keksyon al atake moun Woubenn yo ak moun Gad yo ni sou keksyon al detwi peyi moun sa yo.

34 Moun branch fanmi Woubenn yo ak moun branch fanmi Gad yo rele lotèl la Temwen, paske yo t'ap di: L'a sèvi temwen devan nou tout se Seyè a ki Bondye.

23 ¶ Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l' yo. Jozye bò pa l' te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.

Li fè rele tout pèp Izrayèl la, tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo, tout notab nan peyi a, li di yo: -Koulye a mwen fin granmoun!

Nou te wè tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè tout pèp sa yo ki t'ap kenbe tèt ak nou. Se Seyè a, Bondye nou an, ki t'ap goumen pou nou.

Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche.

Seyè a, Bondye nou an, pral pran peyi a nan men moun ki rete la yo, l'ap mete yo deyò pou nou ka pran tè a pou nou, jan Seyè a, Bondye nou an, te di l' la.

Se pou nou fè sa nou kapab pou nou toujou swiv tou sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, san neglije anyen ladan l'.

Pa mele avèk moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondye yo. Pa fè sèvis pou yo.

Se Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou toujou kenbe fèm, jan nou te toujou fè l' jouk jounen jòdi a.

Seyè a te mete yon bann gwo nasyon ki te fò anpil deyò devan nou. Pesonn pa t' kapab kenbe tèt ak nou jouk jòdi a.

10 Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Seyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l' la.

11 ¶ Atansyon wi! Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an.

12 Si nou vire do bay Bondye, si n' al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo,

13 nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

14 Mwen menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Seyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.

15 Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.

16 Si nou pa respekte kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n' al adore lòt bondye, si n' al fè sèvis pou yo, Seyè a pral move sou nou, epi lapoula, n'ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.

24 ¶ Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Seyè a.

Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.

Lè sa a, mwen pran Abraram lòt bò larivyè Lefrat la, mwen fè l' travèse tout peyi Kanaran an. Mwen ba li anpil pitit pitit. Pou konmanse, mwen ba li Izarak.

Apre sa, mwen bay Izarak de pitit: Jakòb ak Ezaou. Mwen bay Ezaou tout mòn Seyi a pou li. Men Jakòb desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo.

Apre sa, mwen voye Moyiz ak Arawon nan peyi Lejip. Mwen fè gwo malè tonbe sou peyi a pou pini moun li yo. Mwen fè nou soti kite peyi a.

Lè mwen fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip, yo rive bò lanmè Wouj la. Moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak cha lagè yo ak kavalye yo jouk lanmè Wouj la.

Zansèt nou yo rele nan pye m', mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a.

Lèfini, mwen fè nou antre nan peyi moun Amori yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. Yo leve goumen ak nou. Men mwen lage yo nan men nou. Nou pran peyi yo a pou nou. Mwen disparèt yo devan nou kote nou pase.

Apre sa, Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab, leve vin fè nou lagè. Li fè chache Balaram, pitit gason Peyò a, pou l' vin ban nou madichon.

10 Men, mwen pa koute l'. Konsa, li te blije ban nou benediksyon. Se konsa mwen sove nou nan men Balak.

11 Lèfini, nou janbe lòt bò larivyè Jouden, nou rive lavil Jeriko. Moun ki te rete lavil Jeriko yo pran goumen ak nou. Moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Gigach yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo fè menm bagay la tou. Mwen lage yo tout nan men nou.

12 Mwen voye yon kantite gèp panyòl devan nou. Yo fè de wa moun Amori yo kouri met deyò anvan nou rive sou yo. Se pa t' ni banza nou yo ni nepe nou yo ki te fè sa!

13 Apre sa, mwen ban nou tè nou pa t' janm travay plante. Mwen ban nou anpil lavil nou pa t' janm bati. Se la nou rete koulye a. N'ap manje rezen nan pye rezen nou pa t' plante, oliv nan pye oliv nou pa t' plante.

14 Koulye a menm, se pou nou gen krentif pou Seyè a, se pou nou sèvi l' ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Seyè a.

15 ¶ Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.

16 Pèp la reponn! -Nou p'ap janm fè lide vire do bay Seyè a pou n' al sèvi lòt bondye.

17 Se Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti ansanm ak zansèt nou yo nan esklavaj nou te ye nan peyi Lejip la. Se li menm ki te fè tout gwo mèvèy sa yo devan je nou. Se li menm ki te pwoteje nou tout kote nou pase, nan mitan tout nasyon sa yo, lè nou t'ap travèse peyi yo.

18 Se Seyè a ki te chase tout pèp sa yo pou yo te fè plas pou nou ansanm ak moun Amori yo ki te rete nan peyi a. Nou menm tou, se Seyè a n'ap sèvi, paske se limenm ki Bondye nou.

19 Lè sa a, Jozye di pèp la: -Nou p'ap ka sèvi Seyè a, paske Seyè a se yon Bondye ki apa, yon Bondye ki fè jalouzi. Li p'ap janm padonnen peche nou yo ak sa n'ap fè ki mal.

20 Si nou lage Seyè a, si n' al sèvi lòt bondye, Seyè a pral leve dèyè nou. Atout li te fin fè tout byen sa yo pou nou, l'a pini nou, l'a fini nèt ak nou.

21 Pèp la reponn: -Non. Sa p'ap janm rive. Se Seyè a n'ap sèvi!

22 Lè sa a, Jozye di pèp la: -Mwen pran nou sèvi temwen, se nou menm menm ki chwazi se Seyè a n'ap sèvi. Yo reponn: -Wi, nou tout temwen.

23 Jozye di yo lè sa a: -Koulye a, se pou nou pran tout bondye lòt pèp ki nan mitan nou ap sèvi yo, voye yo jete. Se pou nou apiye nèt ak tout kè nou sou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

24 Pèp la reponn li: -Se Seyè a, Bondye nou an, n'ap sèvi. N'ap koute tou sa li di nou fè.

25 Se konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv.

26 Jozye ekri yo tout nan liv lalwa Bondye a. Li pran yon gwo wòch, li plante l' kanpe anba pye chenn ki te anndan kote yo te mete apa pou Seyè a.

27 Epi Jozye di pèp la konsa: -Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Seyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an!

28 Apre sa, Jozye voye pèp la ale, chak moun sou pòsyon tè ki te vin pou fanmi yo.

29 ¶ Apre tout bagay sa yo, Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan (110 an).

30 Yo antere l' sou tè ki te pou li a, nan zòn Timnat-Sera, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach.

31 Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.

32 Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo.

33 Apre sa, lè Eleaza, pitit gason Arawon an, mouri, yo antere l' sou ti mòn ki te pou Fineas, pitit gason l' lan. Yo te ba li ti mòn sa a ki nan mitan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan.

¶ Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa; Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide; Ewòd menm te chèf nan peyi Galile; Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit; Lizanyas te chèf nan Labilèn.

Lè sa a, se An ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a.

Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo.

Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.

Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl.

Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.

Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l' te batize yo. Lè konsa li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?

Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.

Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife.

10 Foul moun yo mande l' konsa: Kisa pou nou fè menm?

11 Li reponn yo: Sa ki gen de rad, se pou yo bay sak pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l' separe l' bay yon lòt.

12 Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè?

13 Li reponn yo: Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a.

14 Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an.

15 ¶ Pèp la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la.

16 Lè sa a, Jan di yo tout: Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.

17 Laye l' nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.

18 Se avèk anpil lòt pawòl konsa Jan t'ap ba yo konsèy, li t'ap anonse bon nouvèl la bay pèp la.

19 Men, Jan te fè chèf Ewòd repwòch poutèt Ewodyad, madanm frè li a, li te pran pou madanm li, ak pou anpil lòt move zak li te fè.

20 Le sa a, Ewòd mete ankò sou sa l' te fè deja: li fè fèmen Jan nan prizon.

21 ¶ Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri.

22 Sentespri a desann sou li an fòm yon ti pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.

23 Jezi te gen trantan konsa lè l' kòmanse travay li. Dapre sa yo te kwè, li te pitit Jozèf, Jozèf sa a te pitit Eli.

24 Eli te pitit Matat, Matat te pitit Levi, Levi te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Janayi, Janayi te pitit Jozèf.

25 Jozèf te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Amòs, Amòs te pitit Nawoum, Nawoum te pitit Esli, Esli te pitit Nagayi.

26 Nagayi te pitit Maat, Maat te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Semeyin, Semeyin te pitit Jozèk, Jozèk te pitit Joda.

27 Joda te pitit Joanan, Joanan te pitit Reza, Reza te pitit Zowobabèl, Zowobabèl te pitit Salasyèl, Salasyèl te pitit Neri.

28 Neri te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Adi, Adi te pitit Kozam, Kozam te pitit Elmadam, Elmadam te pitit Er.

29 Er te pitit Jezi, Jezi te pitit Elyezè, Elyezè te pitit Jorim, Jorim te pitit Matat, Matat te pitit Levi.

30 Levi te pitit Simeyon, Simeyon te pitit Jida, Jida te pitit Jozèf, Jozèf te pitit Jonam, Jonam te pitit Elyakim.

31 Elyakim te pitit Melea, Melea te pitit Mena, Mena te pitit Matata, Matata te pitit Natan, Natan te pitit David.

32 David te pitit Izayi, Izayi te pitit Jobèd, Jobèd te pitit Booz, Booz te pitit Sala, Sala te pitit Naason.

33 Naason te pitit Aminadab, Aminadab te pitit Admen, Admen te pitit Ani, Ani te pitit Eswòm, Eswòm te pitit Perèz, Perèz te pitit Jida.

34 Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò.

35 Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala.

36 Sala te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noe, Noe te pitit Lamèk.

37 Lamèk te pitit Matizala, Matizala te pitit Enòk, Enòk te pitit Jarèd, Jarèd te pitit Maleleyèl, Maleleyèl te pitit Kaynan.

38 Kaynan te pitit Enòs, Enòs te pitit Sèt, Sèt te pitit Adan, epi Adan te pitit Bondye.