Add parallel Print Page Options

¶ Jòb pran lapawòl, li di konsa:

-Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans,

yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a.

Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.

Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'.

Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.

Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m' tounen.

¶ Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fè m' jwenn sa m'ap tann lan!

Si sèlman sa ta fè l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparèt mwen!

10 Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.

11 Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè?

12 Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m' ye.

13 Mwen pa gen fòs ankò pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou.

14 ¶ Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.

15 Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.

16 Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas.

17 Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt.

18 Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y' al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri.

19 Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.

20 Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè.

21 Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n'ap renka kò nou dèyè.

22 ¶ Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen?

23 Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fè m' soufri?

24 Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou.

25 Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a.

26 Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa?

27 Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou.

28 Koulye a, monchè, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti.

29 Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann.

30 Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?

¶ Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen!

Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li.

Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri.

M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilè pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve.

Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim.

Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò.

¶ Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò.

Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen.

Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò.

10 Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'.

11 Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'.

12 Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè.

13 M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman!

14 Men, ou fè m' fè yon bann vye rèv k'ap fè m' pè. M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m' tranble.

15 Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo.

16 Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout!

17 ¶ Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?

18 Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo.

19 Kilè w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'!

20 Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou?

21 Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.

¶ Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:

-Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!

Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.

Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a.

Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.

Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.

Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.

¶ Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo.

Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a.

10 Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.

11 Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo.

12 Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm.

13 Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan.

14 Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri.

15 Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'.

16 Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo.

17 Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.

18 Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a.

19 Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li.

20 ¶ Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo.

21 L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li.

22 Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.

¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:

-Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye?

Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm.

Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.

Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.

Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo.

Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.

Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.

Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.

10 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.

11 Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale.

12 Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a?

13 Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li.

14 ¶ Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'?

15 Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'.

16 Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'.

17 Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.

18 Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.

19 Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?

20 M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò.

21 Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò!

22 ¶ Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou.

23 Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.

24 Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'?

25 ¶ Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.

26 Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul.

27 Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri,

28 soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan.

29 Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè?

30 Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'.

31 Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen.

32 Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis.

33 Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'.

34 Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè.

35 Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.