Añadir traducción en paralelo Imprimir Opciones de la página

¶ Salomon te bati yon palè pou li menm tou. Li pran trèzan pou l' fini l'.

Li bati yon kay yo rele Rakbwa peyi Liban an. Li te gen sansenkant (150) pye longè, swasannkenz pye lajè ak karannsenk pye wotè. Li te gen kat ranje gwo poto bwa sèd. Chak ranje te gen kenz poto ak gwo travès sèd chita sou tèt poto yo.

Plafon an te fèt an planch sèd. Li te kloure sou karannsenk travès ki te chita sou tèt poto yo.

Nan de miray sou kote yo, te gen twa ranje fennèt. Fennèt yo te bay yonn sou lòt.

Pòt yo ak fennèt yo te kare kare. Te gen twa ranje fennèt sou chak bò, yonn an fas lòt.

Li bati yon lòt gwo pyès yo rele Chanm Poto yo. Li te gen swasannkenz pye longè, karannsenk pye lajè. Te gen yon lòt ti pyès sou devan l' avèk gwo poto ak dòmant.

Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fotèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an.

Kay kote Salomon te rete a te nan yon lòt lakou dèyè Salon Jijman an. Li te bati tankou lòt kay yo. Salomon bati yon lòt kay menm jan an tou pou madanm li, pitit fi wa peyi Lejip la.

Tout kay sa yo te bati ak bèl wòch taye, depi nan fondasyon yo jouk anba twati yo. Wòch yo te pare depi nan min wòch la. Yo te taye sou mezi. Fasad anndan ak fasad deyò wòch yo te taye ak si.

10 Fondasyon yo te fèt ak gwo wòch yo te taye nan min wòch la. Genyen ladan yo ki te gen douz pye longè.

11 Anwo fondasyon an te gen menm kalite wòch taye sou mezi ak madriye sèd.

12 Gwo lakou palè a te fèmen ak yon miray fèt ak twa ranje wòch pou chak ranje madriye sèd, tankou lakou anndan ak lakou devan Tanp lan.

13 ¶ Wa Salomon voye chache yon bòs ki te rele Iram tou. Se te yon moun lavil Tir.

14 Papa Iram te moun lavil Tir tou. Se te yon bòs fò nan travay kwiv. Manman li te moun nan branch fanmi Neftali a. Se te yon vèv. Iram te yon moun ki te gen anpil ladrès, anpil konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bagay an kwiv. Se konsa li te vin kay wa a, li fè tout travay li yo.

15 Iram koule de gwo poto kwiv won yo. Yo chak te gen vennsèt pye wotè. Wonn poto yo te mezire dizwit pye. Li mete yo kanpe devan Tanp lan.

16 Apre sa, li fè fè blòk kwiv tou pou ale sou tèt poto yo. Yo chak te mezire sèt pye edmi wotè.

17 Li dekore wonn tèt poto yo ak desen ti chenn makònen yonn ak lòt. Te gen sèt desen konsa pou chak tèt poto.

18 Li mete de ranje grenad an kwiv anwo ak anba desen ti chenn lan sou tout wonn chak tèt poto yo.

19 Tèt poto ki nan gwo lakou devan an te gen fòm yon flè choublak. Yo chak te gen sis pye wotè.

20 Sou rebò anwo chak tèt poto yo, te gen yon vant resoti ki te anwo desen ti chenn yo, ak desan pòtre grenad sou de ranje ki te fè wonn chak poto yo.

21 Iram mete poto yo kanpe devan pòt antre Tanp lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Li rele sa ki sou bò dwat la Jaken, sa ki sou bò gòch la Boaz.

22 Sou tèt chak poto te gen yon blòk an fòm yon flè. Se konsa Iram fini ak travay poto yo.

23 Apre sa, Iram fè yon gwo basen an kwiv tou won. Li te mezire kenz pye lajè anndan anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye.

24 Sou tout wonn basen lan, sou deyò, te gen de ranje ti kalbas an kwiv, ti kras anba rebò a. Te gen dis kalbas pou chak pye edmi longè. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan, yo te koule yo ansanm lè yo t'ap fè basen lan.

25 Basen lan te chita sou do douz towo bèf an kwiv. Fas towo yo tout bay sou deyò: fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche, ak fas twa bay sou bò sid. Dèyè yo te anba basen lan.

26 Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas, li fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè. Basen lan te ka kenbe dimil galon konsa.

27 Iram te fè tou dis kabwa an kwiv. Yo chak te gen sis pye longè, sis pye lajè ak kat pye edmi wotè.

28 Yo te fèt an ti panno kare kare ki te moute nan yon ankadreman.

29 Sou chak ti panno yo, te gen pòtre lyon, pòtre towo ak pòtre zanj cheriben. Sou rebò yo, anwo ak anba lyon yo ak towo yo, te gen yon ranje flè resoti.

30 Chak kabwa te gen kat wou an kwiv ak lesye an kwiv tou. Nan kat kwen yo te gen yon zepòlman, antou kat pou kenbe basen lan anplas. Zepòlman yo te dekore ak yon ranje flè chak bò.

31 Anwo chak kabwa te gen yon ankadreman tou won pou basen yo. Ankadreman an te gen dizwit pous lajè anndan anndan. Li te gen desen sou tout kò l'. Pati anwo kabwa a te kare, li pa t' won.

32 Wou yo te gen vennsenk pous wotè. Yo te anba panno yo. Lesye wou yo te fè yon sèl pyès ak rès kabwa a.

33 Wou yo te tankou wou cha lagè. Pen yo, jant yo, reyon yo, lesye yo, tout te fèt an kwiv.

34 Kat zepòlman ki te nan kwen anba chak kabwa yo te fè yon sèl pyès ak chasi kabwa a.

35 Pati plat anwo kabwa a te dekore ak yon wonn nèf pous wotè ki te fè rebò ouvèti a. Zepòlman ki te nan kwen anwo yo ak panno yo te fè yon sèl pyès ak kabwa a.

36 Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan.

37 Se konsa Iram te fè dis kabwa yo. Yo tout te fèt menm jan, menm fòm, menm gwosè.

38 Iram te fè dis basen tou, yonn pou chak kabwa. Chak basen te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa.

39 Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basen kwiv la menm, li mete l' sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la.

40 Iram te fè plato pou sann, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l' fè pou Tanp Seyè a.

41 Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo,

42 katsan pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ti chenn ki fè wonn tèt poto yo,

43 dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo,

44 yon gwo basen tou won pou dlo, douz towo bèf pou soutni gwo basen lan,

45 plato pou sann yo, pèl yo ak kivèt yo. Tou sa Iram te fè pou Tanp Seyè a te fèt an kwiv poli, dapre lòd li te resevwa nan men Salomon.

46 Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon larivyè Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan.

47 Te sitèlman gen anpil bagay fèt an kwiv, Salomon pa t' chache konnen pèz yo.

48 ¶ Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a,

49 dis lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo,

50 gode yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Seyè a, ak gon pou lòt pòt tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò.

51 Lè wa Salomon te fin fè tout travay pou bati Tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan ak tout lò David, papa l', te ofri bay Seyè a ansanm ak tout lòt bagay li menm li te bay, li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.

¶ Salomon fè fè tou yon lotèl kwiv kare kare, ki te mezire trant pye lajè sou trant pye longè ak kenz pye wotè.

Li fè fè ankò yon gwo basen an kwiv tou won pou mete dlo. Basen lan te mezire kenz pye lajè ak sèt pye edmi wotè. Le ou mezire wonn li, li ba ou karannsenk pye.

Sou tout wonn basen lan sou deyò, te gen de ranje pòtre ki sanble pòtre bèf. Yo te an kwiv, yon ti jan anba rebò a. Te gen dis pòtre pou chak pye edmi. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan. Yo te koule yo ansanm.

Basen lan te chita sou do douz towo fèt an kwiv. Fas yo bay sou deyò, fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche ak fas twa bay sou bò sid. Basen lan menm te chita sou dèyè yo ki te bay sou anndan.

Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas. Li te fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè ki louvri. Basen lan te ka kenbe kenzmil (15.000) galon dlo konsa.

Li fè fè dis lòt basen an kwiv. Li mete senk sou bò dwat ak senk sou bò gòch. Se la yo te lave vyann bèt yo te gen pou boule nèt sou lotèl la. Prèt yo menm te sèvi ak dlo ki te nan gwo basen lan pou lave kò yo.

Salomon fè fè dis gwo lanp sèt branch an lò, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat.

Li fè fè dis tab pou mete nan Tanp lan tou, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat. Li fè fè san bòl an lò.

Li fè yo bati lakou anndan an pou prèt yo ak gwo lakou a ak tout pòtay li yo. Tout pòtay yo te kouvri ak kwiv.

10 Li fè mete gwo basen lan menm sou bò dwat Tanp lan, nan kwen sidès la.

11 ¶ Iram te fè plato pou sann dife, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l' fè pou Tanp Seyè a.

12 Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk won yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo, ak desen ti chenn mare yonn ak lòt ki te kouvri de blòk tèt poto yo,

13 katsan (400) pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ki kouvri blòk won ki sou tèt poto yo,

14 dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo,

15 yon gwo basen tou won pou mete dlo, douz towo pou soutni basen lan,

16 plato pou sann yo, pèl yo ak fouchèt yo. Bòs Iram te fè tout bagay sa yo an kwiv poli pou Tanp Seyè a, dapre lòd li te resevwa nan men wa Salomon.

17 Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan.

18 Te sitèlman gen anpil bagay fèt an kwiv, Salomon pa t' chache konn pèz yo.

19 Salomon fè fè tout mèb an lò yo te bezwen pou Tanp lan: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye yo,

20 gwo lanp sèt branch yo ak tèt lanp fèt ak bon lò yo ki fèt pou limen devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, jan pou yo fè l' la,

21 flè yo, lanp yo ak pensèt pou gwo lanp sèt branch yo,

22 kouto yo, gode yo, bòl yo, recho pou pote chabon tou limen yo. Tout bagay sa yo te fèt ak bon jan lò. Batan pòt ki bay sou deyò Tanp lan ak batan pòt ki bay sou pyès ki apa nèt pou Seyè a te kouvri nèt ak lò tou.