Add parallel Print Page Options

21 ¶ Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la.

Wa a pale ak Joab ansanm ak lòt chèf yo, li di yo konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Bètcheba nan sid jouk lavil Dann nan nò. Konte dènye moun ki nan pèp la. Lèfini, fè m' yon rapò pou m' ka konnen konbe moun ki gen nan peyi a.

Men Joab di wa a konsa: -Monwa, mwen mande Seyè a pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a. Lèfini, monwa, ou konnen yo tout la ap sèvi ou. Men poukisa, monwa, ou vle fè sa? Poukisa ou vle pòte pèp Izrayèl la fè sa ki mal?

Men, wa a pa t' soti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab pati, li vwayaje nan tout peyi a. Apre sa, li tounen lavil Jerizalèm.

Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil (1.100.000) gason ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak katsanswasanndimil (470.000) nan peyi Jida a.

Men Joab pa t' konte moun ni nan branch fanmi Levi a, ni nan branch fanmi Benjamen an, paske lòd wa a te bay la pa t' antre nan santiman l' menm.

¶ Men, sa David te fè a pa t' fè Bondye plezi. Bondye pini pèp Izrayèl la.

Lè sa a, David di Bondye: -Sa m' fè la a, se yon gwo peche. Koulye a, tanpri, padonnen m'. Pa bliye se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.

Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa:

10 -Ale pale ak David. W'a di l' men mesaj Seyè a voye ba ou. Li mete twa chatiman devan ou. Ou menm, w'a chwazi yonn ladan yo. Sa w'a chwazi a, se sa l'a fè ou.

11 Se konsa Gad al jwenn David lakay li, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Kisa ou vle?

12 Twa lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi k'ap pousib ou ak sòlda yo, osinon twa jou ap sibi chatiman Seyè a ak yon epidemi nan tout peyi a, pou zanj Seyè a menm ap mache touye moun nan tout peyi Izrayèl la? Al kalkile sou sa pou fe m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan.

13 David reponn: -M' nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a ki pini m', paske li gen bon kè!

14 Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil (70.000) moun nan pèp Izrayèl la.

15 Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la.

16 David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.

17 David pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki te mande pou yo konte moun yo. Se mwen menm ki antò. Se mwen menm ki fè sa ki mal. Kisa moun sa yo fè? Se mouton yo ye. Tanpri, Seyè, Bondye mwen, pa voye ankenn malè sou pèp la. Se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini.

18 ¶ Zanj Seyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan glasi a.

19 David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Onan jan Seyè a te ba li lòd la.

20 Onan menm t'ap bat ble ansanm ak kat pitit gason l' yo ki te la avè l' sou glasi a. Lè yo wè zanj lan, pitit li yo kouri al kache.

21 Onan vire tèt li, li wè David ki t'ap vini. Li kite glasi a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk fwon li touche tè.

22 David di Onan konsa: -Vann mwen anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pèp la va sispann.

23 Onan di David konsa: -Monwa, ou mèt pran l' pou fè sa ou vle avè l'. Men m'ap bay bèf sa yo pou ou boule nèt sou lotèl la. Men jouk bèf yo ak bwa kabwa yo pou fè dife, ak ble pou sèvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo.

24 Men wa David reponn Onan, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye ou sa yo vo. M' pa ka ofri Seyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri bay Seyè a.

25 Se konsa David bay Onan swasant pyès lò pou anplasman glasi a.

26 Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li, li voye dife soti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la.

27 Lè sa a, Seyè a bay zanj li a lòd pou li mete nepe li nan djenn li ankò.

28 Lè David wè Seyè a te reponn lapriyè li te fè nan pye l' sou glasi Onan, moun lavil Jebis la, li ofri bèt pou touye sou lotèl la.

29 Men lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Seyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Seyè a.

30 Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyè a, paske li te pè nepe zanj Seyè a.

22 ¶ Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyè a ye, ansanm ak lotèl pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.

David bay lòd pou tout moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Izrayèl la reyini. Li moute chantye kote pou taye wòch pou bati Tanp Bondye a.

Li fè pare fè an kantite pou fè klou ak kranpon pou batan pòt yo. Pou kwiv la menm, moun pa ka kalkile kantite li te fè pare.

Pou bwa sèd, moun peyi Sidon ak moun lavil Tir te fè David jwenn sa an kantite.

David t'ap di nan kè l': Salomon, pitit gason m' lan, se yon timoun ki poko gen esperyans. Tanp li gen pou l' bati pou Seyè a, se li ki pou pi gwo, pi bèl pase dènye tanp, pou toupatou sou latè y'ap pale sou li. Se pou m' pare tout bagay kite pou li. Se konsa, anvan li mouri, David pare materyo an kantite kite la pou sa.

¶ Lèfini, li voye chache Salomon, pitit gason l' lan, li ba li lòd pou li bati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

Li di l' konsa: -Pitit mwen, mwen te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an.

Men Seyè a fè m' konnen mwen touye twòp moun, mwen fè anpil lagè. Se poutèt sa se pa mwen ki pral bati tanp lan pou li, paske mwen fè twòp san koule.

Men li di m' konsa: Ou pral gen yon pitit gason ki p'ap nan touye moun li menm. M'ap fè tout lènmi l' yo toupatou viv byen ak li tou. Se poutèt sa y'a rele l' Salomon. Sou rèy li, peyi Izrayèl la ap viv ak ke poze, san danje ni malè.

10 Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. L'ap yon pitit pou mwen, mwen menm m'ap yon papa pou li. M'ap fè l' toujou gen yon moun nan fanmi l' wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.

11 Koulye a, pitit mwen, se pou Seyè a, Bondye w'ap sèvi a, toujou kanpe la avè ou pou ou ka rive bati Tanp lan pou li, jan li te pwomèt ou sa.

12 Mwen mande Seyè a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè l'a mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Seyè a, Bondye ou la.

13 Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè.

14 Gade! Mwen bay kò m' anpil traka pou m' pare tout bagay pou Tanp Seyè a: twamil twasan (3.300) tòn lò, tranntwamil (33.000) tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M' pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou.

15 Lèfini, w'ap jwenn anpil travayè, kantonye, moun pou taye wòch, chapant, ak anpil moun ki bòs nan tout kalite travay.

16 Pou lò, ajan, kwiv ak fè, ou gen sa an kantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Seyè a toujou kanpe la avè ou.

17 ¶ Apre sa, David mande tout chèf pèp Izrayèl yo pou yo ede Salomon, pitit gason l' lan.

18 Li di yo konsa: -Seyè a, Bondye nou an, te toujou la avèk nou. Li fè nou viv nan lapè ak tout moun toupatou. Li lage nan men mwen tout lòt moun ki rete nan peyi a, kifè tout peyi a soumèt nèt devan Seyè a ak devan pèp li a.

19 Koulye a, se pou nou pran desizyon chache fè volonte Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati tanp Seyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Seyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Seyè a ladan l'.

23 ¶ David te fin vye granmoun, li te fin viv kont li, lè li mete Salomon, pitit li a, wa sou pèp Izrayèl la.

Li reyini tout chèf pèp Izrayèl yo, tout prèt yo ak tout moun Levi yo.

Li fè konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil (38.000) gason.

David mete vennkatmil (24.000) pou dirije travay tanp lan, simil (6000) pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis,

katmil (4000) pou fè pòs nan pòtay la ak katmil (4000) pou fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik David te fè fè pou sa.

David separe moun Levi yo fè twa gwoup dapre branch fanmi pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari.

Gèchon te gen de pitit gason: Layedan ak Chimèyi.

Layedan te fè twa pitit gason: Yekiyèl, pi gran an, Zetam ak Joèl.

Chimeyi te fè twa pitit gason tou: Chelomit, Aziyèl ak Aran. Se yo ki te chèf fanmi moun Layedan yo.

10 Chimeyi te gen kat lòt pitit gason: Jaka, Ziza, Jeouch ak Berya.

11 Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyèm pitit la. Jeouch ak Berya pa t' gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sèl branch fanmi.

12 Keyat te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.

13 Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyè a, pou yo sèvi l', pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.

14 Moyiz te moun Bondye a menm. Pitit li yo te fè pati branch fanmi Levi a tou.

15 Moyiz te gen de pitit gason: Gèchòm ak Elyezè.

16 Premye pitit Gèchòm lan te rele Chebwèl.

17 Elyezè li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pa t' fè lòt pitit gason ankò. Men Rekabya te fè anpil pitit.

18 Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit.

19 Men pitit Ebwon yo: Premye a te rele Jerija, dezyèm lan Amarya, twazyèm lan Jakazyèl, katriyèm lan Jekameam.

20 Men pitit Ouzyèl yo: Miche, premye a ak Jikija, dezyèm lan.

21 Merari te gen de pitit gason: Makli ak Mouchi. Makli te gen de pitit gason: Eleaza ak Kich.

22 Eleaza mouri san kite pitit gason. Pitit fi ase li te genyen. Yo marye ak kouzen yo, pitit gason Kich yo.

23 Mouchi te gen twa pitit gason: Makli, Edè ak Jerimòt.

24 ¶ Se tout moun nan ras Levi yo sa, dapre fanmi yo, ki te gen non yo kouche nan rejis tankou chèf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo nan sèvis kay Seyè a, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.

25 David te di: -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te fè pèp li a viv ak kè poze. Li menm, Seyè a, l'ap toujou rete lavil Jerizalèm.

26 Konsa, moun Levi yo p'ap nan pote Tant Randevou Seyè a ankò ansanm ak tout bagay yo bezwen pou fè sèvis pou li ankò.

27 Se konsa, dapre dènye pawòl sa yo David te di lè sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.

28 Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan.

29 Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.

30 Lèfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswè, pou di Bondye mèsi, pou fè lwanj pou li.

31 Se pou yo la tou lè y'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a jou repo yo, premye jou chak mwa yo, ak pou lòt jou fèt yo. Te gen regleman ki te bay travay moun Levi yo gen pou fè ak kantite moun ki pou fè chak travay. Se te reskonsablite yo pou yo te toujou ap sèvi Seyè a.

32 Se yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Seyè a, ak prèt yo, fanmi yo ki soti nan branch fanmi Arawon an, lè y'ap sèvi nan Tanp lan.