Add parallel Print Page Options

16 ¶ Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a.

Resevwa li nan non Seyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l' yonn pou lòt. Ede l' nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m' anpil tou.

Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m' nan sèvis Jezikri a.

Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou.

Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayenèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi.

Di Mari ki te bay kò l' anpil traka pou nou an bonjou.

Di Andwonikis ak Jenyas, fanmi m' yo ki te al nan prizon ansanm avè m' yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen.

Di Anplyatis, bon zanmi m' nan menm Seyè a, bonjou.

Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an.

10 Di Apelès ki moutre jan li gen konfyans nan Kris la bonjou. Di moun lakay Aristobil yo bonjou.

11 Di Ewòdyon, fanmi m' lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Seyè a bonjou.

12 Di Trifèn ak Trifòz, de sè k'ap bay kò yo anpil traka pou Seyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m' ki te pran anpil fatig pou Seyè a, bonjou.

13 Di Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l' ki yon manman pou mwen tou.

14 Di Asenkrit, Flegon, Emès, Patwobas, Emas ak tout frè yo ki ansanm ak yo a bonjou.

15 Di Filològ ak Jili, Nere ak sè li a ansanm avek Olimpas ak tout manm legliz ki la avèk yo, bonjou.

16 Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou.

17 ¶ M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.

18 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

19 Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Seyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal.

20 Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.

21 ¶ Timote, kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m' yo, yo tout voye bonjou pou nou.

22 Mwen menm, Tèsiyis, ki kouche lèt sa a sou papye, mwen voye bonjou pou nou nan renmen Kris la.

23 Gayis voye bonjou pou nou. Se lakay li mwen fè ladesant. Epi se la tou tout legliz la fè reyinyon. Eras, trezorye nan lavil la, ansanm ak frè Katis voye di nou bonjou.

24 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout.

25 ¶ Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan.

26 Men, koulye a, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye.

27 Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn.

Dènye Pawòl

16 M rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan lavil Sankre. Resevwa li nan non Senyè a. Ede l nan nenpòt fason l ta gen bezwen. Li menm, li se yon byenfetè pou anpil moun, mwen menm, m se youn nan yo. Resevwa l nan jan moun Bondye yo ta fè sa.

Salye Prisil ak Akilas pou mwen. Yo se kolaboratè mwen nan Jezikri. Yo te riske lavi yo pou yo te ka sove m. M genyen yo rekonesans, epi tout legliz pami moun ki pa Jwif yo genyen yo rekonesans tou.

Salye legliz ki reyini lakay yo a tou.

M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.

Salye Mari pou mwen tou. Li te travay anpil pou ou menm.

Salye Andwonikis ak Jinya. Moun sa yo se fanmi mwen epi yo te nan prizon avè m. Yo menm te disip Kris anvan m. Epi yo fè pati moun ki pi enpòtan Kris voye pou fè travay li[a]

Salye Anpliyatis, bon zanmi m nan Senyè a. Salye Ibanis tou. Li te travay ansanm avè n pou Kris la. Salye Estakis tou, zanmi m 10 ak Apelès ki bay prèv li se yon bon disip Kris.

Salye tout moun nan fanmi Aristobil pou mwen, 11 salye Ewodyon, fanmi mwen.

Salitasyon pou tout moun nan fanmi Nacis, se moun Senyè a yo ye. 12 Salye Trifèn ak Trifoz, medam sa yo travay di pou Senyè a. Salye bon zanmi m Pèsid, li te travay di pou Senyè a tou.

13 Salitasyon pou Rifi tou, se youn nan moun Senyè a chwazi yo, pou manman l tou, li te yon manman pou mwen.

14 Salye Asenkrit, Flegon, Èmès, Patwobas, Èmas, pou mwen ak tout lòt frè ak sè yo ki avèk yo tou.

15 Salye Filològ ak Jilya, Nere ak sè l la, Olenpas, ak tout pèp Bondye a ki avèk yo.

16 Salye youn lòt ak yon bèl akolad[b]

Tout Legliz Kris yo voye salye nou.

17 M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo. 18 Se pa Kris, Senyè nou an moun sa yo ap sèvi. Yo sèlman ap fè vant yo plezi. Y ap sèvi ak bèl pawòl, y ap flate w, moun ki sispèk yo, yo twonpe yo. 19 Tout moun tande pale kijan n ap obeyi Senyè a, m santi m kontan pou sa. M ta renmen nou se moun ki saj nan fè sa ki byen, m pa ta renmen nou se moun ki lage kò nou nan fè sa ki mal.

20 Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou.

Gras Senyè nou an Jezi avè n!

21 Timote, kolaboratè mwen, ap salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sozipatè tou (moun sa yo se fanmi mwen), yo voye salye nou.

22 Mwen menm, Tèsiyis, sekretè Pòl, k ap ekri lèt sa a, mwen voye anpil salitasyon pou nou nan non Senyè a.

23 Gayis ap salye nou. Se lakay li m ye. Epi se lakay li tout legliz la reyini. Eras, trezorye vil la, ap salye nou ak Katis tou, se yon frè nou. 24 [c]

25 An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikri, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan. 26 Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye. 27 Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikri pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.

Footnotes

  1. 16:7 moun ki pi enpòtan … travay li Literalman, “enpòtan pami apot yo”.
  2. 16:16 yon bèl akolad Literalman, “ak yon bo ki sen”.
  3. 16:24 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 24: “Gras Senyè nou an Jezikris avèk nou tout. Amèn.” Kopi sa yo fini lèt la avèk vèsè 24 la, swa yo pa t gen vèsè 25-27 yo oubyen yo mete yo nan fen chapit 14 la.