Add parallel Print Page Options

Bèt ki soti nan lanmè a

13 Apre sa, m wè yon bèt monte soti nan lanmè a. Li te gen dis kòn ak sèt tèt. Te gen yon kouwòn sou chak kòn. Epi sou chak tèt te gen yon non pou joure Bondye. Bèt mwen wè a te sanble ak yon leyopa. Pat li yo te menm jan ak pat yon lou epi bouch li te menm jan ak bouch yon lyon. Dragon an bay bèt sa a puisans li a, twòn li ak yon gran pouvwa.

Youn nan tèt bèt la te blese prèt pou mouri. Men kote l te blese prèt pou mouri a geri. Tout moun sou latè t ap admire epi t ap swiv bèt sa a. Tout moun t ap adore dragon an, paske l te bay bèt la pouvwa a. Tout moun t ap adore bèt la tou, yo t ap di: “Kilès ki menm jan ak bèt la? Kilès ki ka batay ak li?”

Bèt la te jwenn otorizasyon pou l di yon bann pawòl plen ak lògèy ansanm ak yon seri pawòl pou joure Bondye. Li te jwenn pouvwa pou l aji pandan 42 mwa. Bèt la te ouvè bouch li epi li t ap joure Bondye: Li joure non Bondye, joure kote Bondye rete a ansanm ak tout sa ki rete nan syèl la. Li te jwenn pouvwa pou l goumen ak moun ki apa pou Bondye yo ak pouvwa pou l ranpòte laviktwa sou yo. Li te jwenn pouvwa sou tout tribi, tout ras moun, sou tout lang ak sou tout peyi. Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.

Read full chapter