Add parallel Print Page Options

19 ¶ Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.

Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l' la. Li peni l' byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo.

Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan.

Vennkat granmoun yo ak kat bèt vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki te chita sou fòtèy la. Yo t'ap di: Amèn. Lwanj pou Bondye nou an!

¶ Yon vwa pale bò kot fòtèy la, li t'ap di: Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi l', nou tout ki gen krentif pou li, piti kou gran!

Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.

Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare.

Yo ba l' dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fin an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.)

Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.

10 Mwen lage kò m' atè pou m' adore li. Men, li di m': Non, pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore. Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo.

11 ¶ Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt.

12 Je l' yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t' konnen li.

13 Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye.

14 Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp.

15 Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.

16 Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo.

17 Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a.

18 vin manje viann wa yo ak viann jeneral yo, viann sòlda yo, viann chwal yo ansanm ak viann kavalie yo, viann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran.

19 Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l' la.

20 Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la.

21 Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.

20 ¶ Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan sièl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn.

Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil (1.000) an.

Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan.

Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an.

(Lòt mò yo pa t' leve soti vivan nan lanmò toutotan mil (1.000) an pa pase.) Se sa yo rele premie leve vivan soti nan lanmò a.

Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premie leve vivan soti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l' pandan mil (1.000) lanne.

Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan soti nan prizon an.

Lè sa a, la mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. La sanble yo pou l' ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè.

Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann soti nan sièl la, li disparèt yo.

10 Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.

11 ¶ Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale.

12 Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.

13 Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè.

14 Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a).

15 Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.

21 ¶ Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. pa t' gen okenn lanmè ankò.

Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li.

Mwen tande yon vwa ki t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: Koulye a, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo.

Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt.

Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè.

Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a.

Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen.

Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.

¶ Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt dènye kalamite yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral moutre ou lamarye a, fiyanse ti Mouton an.

10 Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m' sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m' lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann soti bò kote Bondye ye nan sièl la.

11 Li te klere byen bèl ak limiè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon piè bijou ki koute chè anpil, tankou yon piè jasp klè kou kristal.

12 Li te gen yon gwo miray byen wo avèk douz pòtay. Te gen yon zanj nan chak pòtay pou veye yo. Sou pòtay yo, yo te ekri non douz branch fanmi pèp Izrayèl la.

13 Te gen twa pòtay sou chak kote: twa pòtay sou bò lès, twa pòtay sou bò nò, twa pòtay sou bò sid, twa pòtay sou bò lwès.

14 Miray la te kanpe sou douz gwo wòch. Yo te ekri non douz apòt ti Mouton an sou wòch yo.

15 Zanj ki t'ap pale avè m' lan te gen yon baton pou mezire nan men li, yon baton wozo fèt an lò, pou l' te pran mezi lavil la, mezi pòtay yo ak mezi miray la.

16 Lavil la te tankou yon bwat kare, longè l' te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l' la. Lavil la gen demildesan (2.200) kilomèt longè. Lajè l' ak wotè l' te menm ak longè li.

17 Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz (72) mèt sou wotè, dapre mezi òdenè li t'ap sèvi a.

18 Miray la te bati an jasp. Lavil la menm te an bon lò, li te klere kou kristal.

19 Gwo wòch fondasyon miray lavil la te byen òne ak tout kalite piè bijou gwo pri. Premie wòch la te an jasp, dezyèm lan an safi, twazièm lan an agat, katriyèm lan an emwòd,

20 senkièm lan an oniks, sizièm lan an sadwan, setièm lan an krizolit, witièm lan an beril, nevièm lan an topaz, dizyèm lan an krizopraz, onzièm lan an tikwaz, douzyèm lan an ametis.

21 Douz pòtay yo te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay yo te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan lavil la te fèt an bon lò, klè kou kristal.

22 Mwen pa t' wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an.

23 Lavil la pa t' bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l' paske limiè prezans Bondye a te klere l' nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li.

24 Gremesi limiè l' la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li.

25 Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen.

26 Tout richès nasyon yo ansanm ak tout bèl bagay yo genyen va anpile nan lavil la.

27 Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.

22 ¶ Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi.

Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò riviè a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo.

p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li.

Y'a parèt devan l'. Y'a gen non l' make sou fwon yo.

p'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limiè lanp ni limiè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limiè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan.

¶ Apre sa, zanj lan di mwen: Pawòl sa yo se verite. Tout moun dwe kwè yo. Bondye Mèt la, li menm ki mete pawòl li nan bouch pwofèt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sèvitè l' yo sa ki pral rive anvan lontan.

Jezi di: Koute, m'ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a.

Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pie zanj ki te fè m' wè yo a pou m' adore li.

Men, li di mwen: Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.

10 Apre sa, li di mwen: Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive.

11 Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye.

12 Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

13 Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman.

14 Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.

15 Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.

16 Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an.

17 Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis.

18 Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a.

19 Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.

20 ¶ Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Seyè Jezi!

21 Se pou benediksyon Seyè Jezi a rete toujou la ak tout moun.

Moun nan syèl la ap louwe Bondye

19 Apre sa, mwen tande gwo vwa nan syèl la, se te vwa yon gwo foul moun. Vwa a t ap di:

“Fè lwanj pou Senyè a![a]
    Viktwa, glwa ak pouvwa se pou Senyè a.
Jijman l yo reyèl epi yo jis.
    Bondye nou an pini pwostitye a.
Se li menm ki fini ak latè nèt ak peche seksyèl li.
    Bondye pini pwostitye
    a pou l vanje lanmò sèvitè l yo.”

Yon lòt fwa ankò, foul la t ap di:

“Fè lwanj pou Senyè a!
    Pwostitye a ap boule epi lafimen l ap toujou leve pou tout tan.”

24 ansyen yo ansanm ak kat pèsonaj vivan yo, yo mete yo ajenou. Yo t ap adore Bondye, li menm ki chita sou fotèy wa a, yo t ap di:

“Amèn! Fè lwanj pou Senyè a!”

Lè sa a, yon vwa soti sou fotèy wa a, li di:

“Fè lwanj pou Bondye nou an,
    nou tout k ap sèvi l yo!
Fè lwanj pou Bondye nou an
    nou tout ki gen krentif pou Bondye, piti kou gran!”

Apre sa, m tande yon bri, tankou yon foul moun ki t ap fè anpil bri. Sa m tande a, se te menm jan ak gwo lanm lanmè oubyen bri yon bann gwo kout loray. Foul la t ap di:

“Fè lwanj pou Senyè a!
    Senyè Bondye nou an ki gen tout pouvwa,
    se li k ap gouvène kounye a.
An n rejwi nou, an n fè kè n kontan
    epi an n bay Bondye glwa!
Bay Bondye glwa, paske seremoni nòs Ti Mouton an rive,
    fiyanse Ti Mouton an tou pare, li byen bèl.
Yo bay fiyanse Ti Mouton an yon rad an len byen fen pou l mete;
    twal len an te klere epi li te byen pwòp.”

(Twal len byen fen an reprezante bon zèv pèp Bondye a te fè.)

Zanj lan di m konsa: “Ekri sa: Byennere moun ki envite nan resepsyon fèt maryaj Ti Mouton an.” Epi li ajoute: “Se Bondye, limenm, ki di pawòl sa yo.”

10 Lè sa a, m tonbe ajenou nan pye zanj lan pou m adore l. Men li di m konsa: “Pa adore m. M se yon sèvitè menm jan avè w. M se menm ak frè avèk sè w yo k ap temwanye pou Jezi. Se Bondye pou w adore. Paske temwanyaj pou Jezi se lespri pwofesi a.”

Kavalye sou cheval blan an

11 Apre sa, m wè syèl la te louvri. M wè yon cheval blan devan m. Kavalye ki te monte sou li a te rele Fidèl ak Verite, paske li dwat nan jijman li ak nan lagè l ap fè. 12 Je li te klere menm jan ak flanm dife; li te gen plizyè kouwòn sou tèt li. Te gen yon non ki te ekri sou li pèsòn pa t konnen, sof li menm sèl. 13 L abiye ak yon rad ki te plen san. Yo rele li “Pawòl Bondye.” 14 Yo t ap swiv lame ki nan syèl la sou cheval blan an tou. Yo tout te abiye ak rad byen fen, byen blan epi byen pwòp. 15 Te gen yon nepe byen file ki te soti nan bouch kavalye ki te monte sou cheval blan an pou l frape nasyon yo ki sou latè. L ap dirije yo ak yon baton an fè. L ap kraze rezen yo nan prèswa gwo kolè Bondye ki gen tout pouvwa a. 16 Sou rad li ak sou janm li, te gen yon non ki ekri:

wa tout wa yo ak Senyè tout SENYÈ yo

17 Apre sa, m wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li rele ak yon vwa byen fò, li di tout zwazo ki nan syèl la: “Vini, rasanble, pou gwo repa manje Bondye a. 18 Rasanble pou n manje kò wa yo, kòmandan lame yo ak sòlda yo. Vin manje kò cheval yo ak tout moun ki monte yo, kit se moun lib, kit se esklav, kit se timoun, kit se granmoun.”

19 Lè sa a, m wè bèt la ansanm ak wa ki sou latè yo, ak tout sòlda lame yo. Yo reyini pou batay ak kavalye ki te sou cheval la ansanm ak lame pa l la. 20 Men, yo te met men sou bèt la ansanm ak fo pwofèt la epi yo mete yo nan prizon. Fo pwofèt sa a te fè yon bann gwo mirak devan bèt la. Se konsa li te twonpe moun ki te aksepte mak bèt la epi ki te adore estati l la. Yo jete bèt la ansanm ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife mele ak souf ki t ap boule a. 21 Nepe ki soti nan bouch kavalye a te touye sa k te rete yo, epi tout zwazo yo te vin manje kò yo.

Yon peryòd mil (1,000) an

20 Apre sa, m wè yon zanj desann soti nan syèl la. Li te gen kle tou san fon an ak yon gwo chenn nan men l. Li kenbe dragon an. Dragon sa, se li menm ki sèpan ki te la depi nan kòmansman an, sa vle di move lespri a, oubyen Satan. Zanj lan anchene l byen anchene pou yon dire mil (1,000) an. Li jete l nan tou san fon an, epi li fèmen bouch tou a byen fèmen a kle. Li fè sa pou dragon an pa rive twonpe nasyon yo pandan mil (1,000) an sa yo. Apre sa, y ap lage l pou yon ti tan tou kout.

Apre sa, m wè plizyè twòn. Moun ki te chita sou yo te resevwa pouvwa pou jije. M wè moun yo te touye yo tou. Men rezon ki fè yo te touye yo: Yo te temwen Jezi epi yo t ap preche mesaj Bondye te ba yo. Yo pa t adore ni bèt la ni estati bèt la. Yo pa t pran mak li a ni sou fon yo, ni sou men yo. Yo menm, yo resisite epi y ap dirije ansanm ak Kris la pandan mil (1,000) an. Lòt mò yo pa resisite anvan mil (1,000) an sa yo fin pase. Sa se premye rezireksyon an.

Sa se premye rezireksyon an. Moun ki patisipe nan premye rezireksyon an, se moun ki beni tout bon vre, epi se moun ki apa pou Bondye. Dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo. Yo va tankou prèt k ap sèvi Bondye ansanm ak Kris la. Yo va wa ansanm avèk Kris pandan mil (1,000) an.

Satan pèdi batay la

Lè mil (1,000) an sa yo fin pase, yo va libere Satan nan prizon l te ye a. Li pral met kò l deyò pou twonpe nasyon nan tout kat kwen latè, Gòg ak Magòg, pou yo met tèt yo ansanm pou batay la; yo te si tèlman anpil tankou sab lanmè moun pa t ka konte yo.

Yo t ap vanse toupatou sou latè epi yo vin sènen kan kote pèp Bondye a ye a, vil Bondye renmen anpil la. Men, gen yon dife ki tonbe sot nan syèl la, li kraze brize tout foul lame Satan te reyini an. 10 Epi dyab la ki t ap twonpe tout nasyon yo, yo voye l nan yon letan dife ak souf, menm kote ak bèt la, ansanm ak fo pwofèt la. Yo va nan toumant lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan.

Jijman nasyon yo

11 Apre sa, m wè yon gwo fotèy blan ki te gen yon moun chita sou li. Tè a ak syèl la te pran kouri devan l. Yo disparèt nèt. 12 Epi m wè moun ki te mouri yo, gwo kou piti, yo tout te kanpe devan fotèy la. Te gen plizyè liv ki te louvri. Te gen yon lòt liv ki te louvri tou, se te liv lavi a. Epi mò yo te jije dapre sa ki te ekri nan liv sa yo, dapre sa yo te fè.

13 Lanmè a te remèt mò ki te ladan l yo. Lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo remèt mò pa yo tou, epi yo te jije yo dapre sa yo te fè. 14 Apre sa, lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo te voye yo jete nan letan dife a. Letan dife a se dezyèm lanmò a. 15 Nenpòt moun ki pa te gen non l enskri nan liv lavi a, yo te jete l nan letan dife a.

Yon Jerizalèm nouvo

21 Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò. M gade m wè vil ki apa pou Bondye a, yon Jerizalèm nouvo,[b] m wè l ap desann soti nan syèl kote Bondye ye a. Se pa ti bèl li pa fè tèt li bèl, menm jan ak yon lamarye ki fè tèt li bèl pou yon mesye marye.

Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo. L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”

Moun ki chita sou fotèy la di konsa: “Gade sa, m refè tout bagay tou nèf.” Epi li di m: “Ekri sa, paske pawòl mwen yo se verite a, yo merite tout konfyans nou.”

Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega,[c] kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a. Tout moun ki ranpòte laviktwa ap jwenn sa; m ap Bondye li epi l ap yon pitit gason pou mwen. Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”

Youn nan sèt zanj yo vin kote m. Se te youn nan sèt zanj ki te gen sèt koup plen ak sèt dènye gwo kalamite yo. Li di m konsa: “Vini, m pral montre w lamarye, fiyanse Ti Mouton an.” 10 Zanj lan kapte lespri m epi l mennen m sou tèt yon gwo mòn byen wo. Li montre m vil ki apa pou Bondye a, Jerizalèm Bondye voye desann soti nan syèl la.

11 Vil la te gen laglwa Bondye sou li, li t ap klere tankou bijou ki fèt ak bèl wòch ki koute byen chè. Li sanble ak wòch jas, klè tankou kristal. 12 Vil la te gen yon miray byen wo epi byen laj ak douz pòtay. Sou douz pòtay yo te gen douz zanj. Chak pòtay gen non yon tribi Izrayèl ekri sou li. 13 Te gen twa pòt sou kote lès; te gen twa pòt sou kote nò; te gen twa pòt sou kote sid; te gen twa pòt sou kote lwès. 14 Miray vil la te bati sou yon fondasyon ki fèt ak douz wòch. Non douz apot Ti Mouton an te ekri sou douz wòch yo.

15 Anj ki t ap pale avè m nan te gen yon gòl nan men l, ki fèt ak lò, pou l mezire vil la, pòt li yo, epi miray la. 16 Vil la te gen yon fòm kare: longè l te menm ak lajè l. Anj lan mezire l avèk gòl la. Longè a te mezire 12,000 estad,[d] lajè a te mezire 12,000 estad, wotè a te mezire 12,000 estad. 17 Zanj lan te mezire miray la: li jwenn li mezire 144 koude.[e] Anj lan te sèvi ak mezi tout moun te konn mezire. 18 Miray yo te fèt ak bèl wòch koulè vèt[f] ki koute chè. Vil la menm te fèt ak bon lò, klè menm jan ak kristal.

19 Vil la te gen douz fondasyon. Chak fondasyon te fèt ak yon kalite wòch bijou ki koute chè anpil. Premye wòch la te an jas. Dezyèm nan te an safi. Twazyèm nan te an agat. Katriyèm nan te an emwod. 20 Senkyèm nan te an oniks. Sizyèm nan te an sadwan. Setyèm nan te an krizolit. Uityèm nan te an beril. Nevyèm nan te an topaz. Dizyèm nan an krizopaz. Onzyèm nan an tikwaz. Douzyèm nan an ametis. 21 Douz pòtay yo se te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan vil la te fèt ak bon lò, klere kon kristal.

22 Men nan vil la, m pa wè tanp, tanp lan se Senyè a menm, Bondye ki gen tout pouvwa a, ansanm ak Ti Mouton an. 23 Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.

24 Nasyon yo ki sou latè, yo mache nan limyè Ti Mouton an bay la. Dirijan yo ki sou latè, yo pote glwa pa yo vini nan vil la. 25 Pòtay vil la p ap janm fèmen lajounen kou lannuit, paske p ap gen lannuit nan vil la. 26 Tout glwa ak tout lonè nasyon yo, y ap pote yo vini nan vil la. 27 P ap gen anyen ki pa pwòp k ap antre nan vil la. Moun k ap fè vye bagay sal, moun k ap bay manti, pa gen youn k ap antre ladan i. Se sèlman moun ki te enskri nan liv lavi Ti Mouton an k ap antre nan vil la.

22 Zanj lan montre m yon gwo larivyè dlo ki bay lavi. Li klè menm jan ak kristal. Rivyè dlo sa a soti nan fotèy Bondye a, ansanm ak Ti Mouton an. Nan mitan gran ri ki nan vil la, sou de bò gwo larivyè a, gen yon pye bwa ki bay lavi ki donnen douz rekòt, chak mwa li donnen. Fèy pye bwa sa a se remèd pou geri nasyon yo.

P ap gen anyen modi nan vil sa a. Fotèy Bondye ansanm ak Ti Mouton an ap nan vil sa a. Moun k ap sèvi l yo, y ap fè sèvis pou adore l. Y ap wè l fasafas epi non l ap ekri nan fon yo. P ap gen lannuit ankò. Moun p ap bezwen limyè lanp ankò, ni limyè solèy. Paske se Bondye, Senyè a k ap klere yo. Yo va dirije tankou wa pou tout tan.

Zanj lan di m konsa: “Se bon jan pawòl m ba w la, wi! Senyè a, Bondye ki dirije lespri pwofèt yo, li voye zanj li pou montre sèvitè l yo sa ki gen pou vini nan yon ti tan ankò.”

Jezi di yo: “Koute, m ap vini nan yon ti tan ankò. Va gen anpil benediksyon pou moun ki fè sa pwofèt yo di nan liv sa a.”

Mwen menm se Jan. Se mwen k te tande epi ki te wè bagay sa yo. Lè m gade m wè yo, m tonbe nan pye zanj ki t ap montre yo a, pou m koube mete ajenou devan l. Men li di m konsa: “Pa fè bagay konsa! M se yon sèvitè menm jan avè w, menm jan ak frè w yo, pwofèt yo, menm jan ak tout moun k ap pratike pawòl ki nan liv sa a. Koube w pou adore Bondye pito!”

10 Lè sa a, zanj lan di m: “Pa kache pwofesi ki nan liv sa a. Lè a prèske rive pou yo akonpli. 11 Moun k ap fè sa ki mal, y ap fè plis sa ki mal toujou. Moun ki pa pwòp pou Bondye ap vin pi mal. Moun k ap fè sa ki byen ap kontinye fè sa ki byen. Moun ki apa pou Bondye, y ap kontinye mete yo apa pou Bondye.”

12 Nan yon ti tan ankò, m ap vini. M ap vini ak rekonpans, pou m bay chak moun dapre sa yo te fè. 13 M se Alfa ak Omega, se mwen ki premye ak dènye.

14 Benediksyon pou moun ki lave rad[g] yo pou yo k ap gen dwa nan pye bwa lavi a, pou yo antre nan pòtay vil la! 15 Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.

16 Mwen menm Jezi, m voye zanj mwen pote pawòl sa yo pou legliz yo. M soti nan ras David, m se zetwal devanjou a k ap klere anpil la.

17 Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis.

18 Mwen menm, m deklare pawòl pwofesi ki nan liv sa a pou nenpòt moun: Si yon moun mete plis nan sa ki di la a, Bondye ap mete pi plis sou kalamite ki ekri nan liv sa a pou li. 19 Epi si yon moun ta wete nan pawòl pwofesi ki nan liv sa a, Bondye ap retire pòsyon pa l la nan pyebwa lavi a, ansanm ak plas pa l nan lavil Bondye a, jan sa ekri nan liv sa a.

20 Moun ki bay garanti pou bagay sa yo di: “Wi, m ap vini talè.”

Amèn! Vini non, Senyè Jezi!

21 Se pou gras Senyè Jezi rete poze sou nou tout.

Footnotes

  1. 19:1 Fè lwanj pou Senyè a Se yon tradiksyon pou yon mo Ebre, “Alelouya”, yo ekri l konsa ak lèt Grèk. Nan lang Ebre, li vle di, “Lwanj pou Yah”, yon ti non pou di “lwanj pou Yahweh” oubyen “Lwanj pou Senyè a”. Li v. 3, 4, 6.
  2. 21:2 Jerizalèm nouvo Lavil espirityèl kote pèp Bondye a ap viv ansanm avè l.
  3. 21:6 Alfa ak Omega Se premye ak dènye lèt nan alfabè lang Grèk la, sa vle di kòmansman ak finisman. Se menm bagay nan 22:13.
  4. 21:16 12,000 estad Egal ak 2,400 kilomèt konsa.
  5. 21:17 144 koude 60 mèt. Yon “koude” se longè soti nan koud bra rive nan zong ti dwat men an. Yon demi mèt konsa.
  6. 21:18 koulè vèt Tèks la pa di koulè vèt. Mo nou tradui a se “jasp”. Se yon wòch ki gen plizyè koulè, anpil fwa ki tire sou wouj, vèt, mawon, ble, jòn, vèt epi blan. Nan lantikite, yo te rele l “quartz”, kounye a yo rele l “jas”. Se yon wòch ki gen anpil valè.
  7. 22:14 ki lave rad Sa vle di yo kwè nan Jezi, sa fè yo vin pwòp, peche yo netwaye pa mwayen san sakrifis la. Gade nan Rev 5:9; Ebre 9:14; 10:14-22; Trav 22:16; 1 Jan 1:7.