Lavi nan Sentespri a

Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikri yo. Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w[a] anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikri. Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a. Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.

Moun k ap mache dapre feblès yo, yo panse sèlman ak sa yo vle. Men moun k ap mache anba kontwòl Sentespri a, yo panse selon volonte Sentespri a. Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran. Poukisa? Se paske, lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès lachè, li se lènmi Bondye: Li pa soumèt anba Lalwa Bondye. Dayè, li pa menm ka obeyi Bondye. Moun ki anba kontwòl feblès lachè yo, yo pa ka fè Bondye plezi.

Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la. 10 Men si Kris ap viv nan nou, lè sa a, Sentespri a ban nou lavi paske nou te libere anba peche ak lanmò. Sa se yon verite, menm si kò nou deja nan wout pou mouri poutèt peche. 11 Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.

12 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa dwe kite se feblès lachè k ap dirije nou epi k ap fè nou fè sa l vle. 13 Si nou pase lavi nou ap fè sa feblès lachè vle, n ap mouri nan vi espirityèl nou. Men si n kite Sentespri a ede n fini ak move bagay lachè yo, n ap genyen vrè lavi a.

14 Moun ki pitit Bondye, se moun ki kite Lespri Bondye dirije yo. 15 Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba,[b] Papa.” 16 Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye. 17 Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikri. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou.

N ap gen laglwa yon jou

18 Soufrans n ap andire kounye a pa anyen devan laglwa n ap jwenn pi devan. 19 Tout sa Bondye te kreye yo ap tann ak pasyans ki lè Bondye va devwale moun ki pitit li yo[c] toutbon. 20 Tout sa Bondye te kreye tonbe anba madichon ki anpeche yo jan Bondye vle pou yo ye a. Se pa t pwòp chwa pa l, men se Bondye ki fè sa rive konsa avèk espwa sa: 21 kreyasyon an p ap kontinye rete esklav anba fòs sa yo k ap detwi l. Bondye vle kreyasyon an jwi menm libète ak laglwa pitit Bondye yo va genyen.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:2 w Kèk nan kopi Grèk yo genyen “mwen”. Se menm bagay nan fraz ki vin apre a.
  2. 8:15 Abba Mo “Abba” se yon mo nan lang Arameyen ti moun Jwif konn sèvi pou yo rele papa yo.
  3. 8:19 pitit li yo Literalman, “pitit Bondye yo”, Pòl di sa pou l fè diferans ant kwayan yo ak anperè Women an, se anperè a yo te konn di se yon “pitit Bondye” li ye.