Add parallel Print Page Options

¶ Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan lavil kote l' te grandi a. Disip li yo te ale avè l' tou.

Lè jou repo a rive, li kòmanse moutre moun ki te nan sinagòg la anpil bagay. Foul moun ki t'ap koute l' yo te sezi anpil, yo t'ap di konsa: -Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Kilès ki ba l' konesans sa yo? Kouman li fè fè tout mirak sa yo?

Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l' yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon tonbe nan peche.

Lè sa a, Jezi di yo: -Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l', lakay li ak nan fanmi li.

Se konsa li pa t' kapab fè okenn mirak la, esepte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo.

Jezi te sezi wè jan yo pa t' kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinaj la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay.

Read full chapter