Add parallel Print Page Options

Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la.

Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskariòt la, yonn nan douz disip yo.

Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi.

Yo pa t' manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l' lajan.

Read full chapter

Chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te vle touye Jezi. Yo pa t sispann chache yon okazyon pou fè san sekrè, paske yo te pè reyaksyon foul la.

Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo

(Mat 26:14-16; Mak 14:10-11)

Youn nan douz (12) disip Jezi yo te rele Jida Iskaryòt. Satan antre nan Jida Iskaryòt, epi Jida al pale ak chèf prèt yo ansanm ak chèf gad ki t ap veye tanp lan sou fason li ta ka ede yo arete Jezi. Mesye yo te kontan anpil pou sa Jida te di yo a, epi yo te pwomèt li y ap peye l si l fè sa pou yo.

Read full chapter