Add parallel Print Page Options

¶ Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la.

L'ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Seyè a menm te bati. Se pa t' moun ki te bati l' pou li.

Travay yon granprèt, se ofri kado ak bèt pou touye bay Bondye. Nan kondisyon sa a, granprèt nou an dwe gen kichòy pou l' ofri tou.

Si Jezi te sou latè, menm senp prèt li pa ta ye, paske gen prèt deja ki la pou ofri kado yo, dapre jan lalwa Moyiz la vle l' la.

Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbraj sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.

¶ Men, koulye a, sèvis granprèt nou an gen pou l' fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.

Si premye kontra a pa t' gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li.

Men, Bondye te gen repwòch pou l' fè pèp li a. Se sak fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m' fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.

Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t' okipe yo tou.

10 Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.

11 Pesonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pesonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m', depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.

12 M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò.

13 Lè Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.

Read full chapter

Jezi se granprèt nou

Pwen ki pi enpòtan nan tout sa n ap di nou la, se paske se kalite granprèt sa a nou genyen. Li chita nan plas donè a, adwat[a] twòn laglwa Bondye ki nan syèl la. L ap jwe wòl granprèt li nan Kote ki pi Sen[b] an, nan vrè Tabènak ki nan syèl la. Se Bondye menm ki fè sa, se pa lèzòm.

Tout granprèt etabli pou ofri don ak sakrifis bay Bondye. Konsa, fòk granprèt nou an gen yon bagay pou l ofri tou. Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa. An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”[c] Jezi li menm gen yon travay ki pi enpòtan. Li rann yon nouvo akò posib ant Bondye ak pèp li a. Akò sa pi bon paske li chita sou anpil pwomès ki pi bon.

Si tout bagay te anfòm nèt ak premye akò a, dezyèm akò a pa t ap nesesè. Men Bondye te jwenn gen bagay ki pa t bon lakay pèp la. Bondye di:

“Letènèl deklare, jou yo pa lwen rive
    pou mwen fè pèp Izrayèl la ak pèp Jida a yon nouvo pwomès.
Li p ap menm jan ak pwomès mwen te fè zansèt yo,
    lè m te kondui yo pou fè yo soti nan peyi Lejip.
Poutèt yo pa t onore pwomès mwen te fè ak yo a,
    mwen te vire do ba yo.
10 Letènèl ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè
    pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo.
M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo,
    m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo.
Se mwen menm k ap Bondye yo,
    epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.
11 Okenn moun p ap bezwen anseye vwazen li
    oswa yon manm fanmi l pou yo konnen Senyè a.
Paske tout moun nèt ap konnen mwen,
    soti nan pi piti pou m rive nan pi gran.
12 M ap padone fot yo,
    epi m ap bliye peche yo.”[d]

13 Lè Bondye di l ap fè yon nouvo kontra, li fè premye a tounen yon ansyen kontra. Bagay ki ansyen moun p ap sèvi ankò pa lwen disparèt.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:1 adwat Pozisyon onè ak otorite (pouvwa).
  2. 8:2 Kote ki pi Sen Literalman, “pi sen pase tout lòt yo”, se plas espesyal ki konsakre pou adorasyon ak jwisans prezans Bondye. Te gen pati espesyal nan Tabènak Ansyen Testaman an ki te reprezante kote ki pi sen an.
  3. 8:5 Sitasyon sa a soti nan Egz 25:40.
  4. 8:8-12 Sitasyon sa a soti nan Jer 31:31-34.