Add parallel Print Page Options

Mwen menm Pòl, apot Jezikris,[a] selon volonte Bondye, ansanm ak Timote, frè nou an Kris, n ap salye nou tout.

M ap ekri nou, frè ak sè an Kris mwen yo, nou menm k ap viv nan lavil Kolòs epi k ap sèvi Bondye avèk fidelite. Se pou Bondye Papa nou ban nou gras li ak kè poze.

Nou toujou di Bondye mèsi pou nou nan priyè nou. Se li menm ki Papa Jezikris, Senyè nou an. Nou di l mèsi paske nou tande pale de lafwa nou genyen nan Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki moun pa Bondye yo. Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja. Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre. Se Epafras, bon zanmi nou, konpanyon nou, ki te ansenye nou Levanjil la. Li fidèl avèk nou[b] nan sèvis li pou Kris. Epafras pale nou tou sou renmen Sentespri a ban nou pou lòt moun.

Se poutèt sa, depi nou te fin tande bagay sa yo de ou menm, nou te kontinye priye pou nou. Men sa nou di nan priyè nou:

Se pou Bondye ban nou tout sajès ak konpreyansyon espirityèl nou bezwen, pou nou ka konnen sa l vle nou fè. 10 Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye[c] epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye. 11 Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini.

12 Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo. 13 Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la. 14 Se pa mwayen Pitit la Bondye ban nou libète epi li padone peche nou.

Pitit Bondye a se menm ak Bondye

15 Pèsonn pa kapab wè Bondye,
    men se pitit la sèlman yo ka wè,
    ki menm jan ak Bondye nan tout pwen.
Se li k ap gouvène tout kreyasyon an,
    kòm premye pitit gason li.
16 Se ak puisans Pitit la Bondye
    te kreye tout bagay ki egziste,
kit sa ki nan syèl moun pa ka wè,
    kit sa ki sou latè moun ka wè,
wa yo, gwo chèf yo,
    pouvwa yo, otorite yo,
tout bagay nèt te fèt pa mwayen Pitit la,
    epi pou Pitit la.
17 Pitit la te la anvan tout bagay te kreye.
    Epi se pa mwayen Pitit la tout bagay kontinye egziste.
18 Li se tèt legliz la ki se kò a.
    Li se kòmansman tout bagay.
Li se premye pami moun ki gen
    pou leve soti vivan nan lanmò.[d]
Sa fè se li ki gen premye plas
    epi se li ki pi enpòtan nan tout bagay.
19 Se yon plezi Bondye pran
    pou l mete tout sa limenm li ye nan Pitit la.
20 Epi Bondye ap rekonsilye tout bagay
    ak li menm ankò pa mwayen Pitit la.
    Se san Pitit la ki koule sou kwa a ki fè
Bondye ka fè lapè ak tout bagay sou latè,
    menm jan ak sa ki nan syèl la.

21 Lontan, nou te lwen Bondye, nou te lènmi Bondye poutèt sa nou te konn panse ak sa nou fè ki mal yo. 22 Men kounye a, Bondye fè nou tounen zanmi l ankò, grenmesi lanmò Kris, lè l te nan kò sa a. Bondye fè sa pou li ka prezante nou devan li tankou moun ki apa pou li, moun ki san repwòch, moun ki pa gen okenn bagay ki ta ka rann yo koupab devan li. 23 Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.

Travay Pòl pou legliz la

24 Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la. 25 Mwen vin yon sèvitè pou Legliz la, paske Bondye ban mwen yon travay espesyal pou m fè. Travay li ban mwen an, se pou m anonse mesaj Bondye a tout kote. 26 Mesaj sa a, se plan sekrè Bondye ki te kache depi okòmansman, pou pèsonn pa t konnen l, men kounye a, li deside devwale l bay pèp li a. 27 Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye. 28 Se sa ki fè n ap kontinye preche tout moun Levanjil Kris la. Nou sèvi ak anpil sajès pou nou avèti epi ansenye tout moun. Nou fè sa pou n kapab prezante chak moun bay Bondye tankou moun ki solid nan lavi y ap mennen pou Bondye nan Kris la. 29 Pou m ka rive fè sa, m travay di, epi m sèvi ak fòs Jezikris ban mwen an. E se fòs sa a k ap travay nan mwen.

Mwen ta vle nou konnen byen ki kalite batay m ap batay pou nou menm, pou moun Lawodise yo ansanm ak tout lòt moun ki pako menm konnen m yo. M ap fè sa pou m ankouraje yo, pou yo ka fè yon sèl nan lanmou epi pou yo gen anpil bon konprann tou. Lè sa a, y ap konnen pwojè sekrè Bondye a. Sekrè sa a, se Kris menm. Se nan Kris ki genyen tout richès lasajès ak konesans.

M ap di nou sa pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl diskou. Paske, menm lè mwen byen lwen, nou toujou nan panse m. M kontan pou m wè bon jan disiplin ki genyen nan mitan nou epi kijan lafwa nou solid nan Kris la.

Kontinye viv nan Kris

Konsa, poutèt nou te aksepte Jezikris kòm Senyè nou, kontinye viv nan kominyon avè l. Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi.

Pran prekosyon pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl pawòl, bèl diskou ki pa gen ni pye ni tèt. Bagay sa yo se ansèyman ki chita sou tradisyon moun, ki chita sou fòs sistèm panse k ap dirije mond lan. Ansèyman sa yo pa soti nan Kris. Mwen di sa, paske tout sa Bondye ye, li parèt aklè nan kò fizik Jezikris san manke anyen. 10 Nou menm tou, nou pa manke anyen, poutèt lavi nou ki an kominyon ak Kris la. Se Kris ki chèf sou tout chèf ak tout otorite.

11 Lè nou te vin jwenn Kris, nou te sikonsi yon fason ki pa menm ak fason yo sikonsi moun ak men. Sa vle di, nou te pran pa nan lanmò Kris la. Yo te maltrete kò li epi nou te vin menm jan avè l, nou te sikonsi menm jan li te sikonsi a. 12 Lè n te batize, nou te mouri epi antere ansanm avè l, nou te resisite ansanm avè l tou poutèt lafwa nou nan puisans Bondye.

13 Nou menm, se moun mouri nou te ye poutèt fot nou yo ak poutèt nou pa t sikonsi. Men Bondye resisite nou ansanm ak Kris. Li padone tout fot nou yo. 14 Li anile dokiman kote kondanasyon nou te siyen an: li te elimine l, lè l te mouri sou kwa a. 15 Se konsa Bondye dezame tout otorite ak pouvwa espirityèl yo. Li avili yo an piblik devan je tout moun tankou prizonye.

Nouvo lavi n ap mennen an soti nan Kris sèlman

16 Depi lè sa a, pèsonn pa gen dwa jije nou sou sa n ap manje oubyen sou sa n ap bwè, sou jou fèt yo, sou zafè nouvèl lin, oubyen sou kesyon saba: 17 tout bagay sa yo se te lonbray sa ki te gen pou vini. Men sa ki reyèl la se nan Kris li ye. 18 Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo.[e] Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè. 19 Kris se tèt la, men yo pa konekte nan li. Poutan se tèt la ki bay kò a sa l bezwen. Grenmesi tèt la, tout jwenti yo ak tout venn yo travay pou kenbe kò a byen anfòm. Epi se Bondye ki fè yo fè kò a grandi.

20 Nou se moun ki mouri ak Kris. Fòs ki nan mond lan pa vo anyen pou nou. Poutan n ap viv tankou moun ki nan lemonn toujou. Pou kisa se bann règ sa yo k ap gide lavi nou? 21 Règ ki di: “Pa manje sa, pa goute sa, pa touche”? 22 Tout bagay sa yo ap pase apre yo fin pase mòd! Se yon bann prensip moun fè epi yo ansenye yo. 23 Se vre, kalite prensip sa yo sanble ak prensip sajès. Poutan, se yon bann prensip ki pa vo anyen. Yo itil nan satisfè dezi feblès lachè yo sèlman.

Nouvo lavi nou an

Poutèt nou se moun ki resisite avèk Kris, nou dwe chache bagay ki soti anwo, bagay ki soti adwat Bondye Papa a kote Kris chita a. Mete nan panse nou bagay ki soti anwo sèlman, pa mete bagay ki sou latè nan lespri nou. Mwen di sa paske nou menm, nou te mouri, Bondye kache lavi nou nan Kris epi l ap pwoteje lavi nou nan syèl la nan li. Kris se lavi nou kounye a. Lè Kris retounen, n ap parèt ansanm avèk li, epi n ap patisipe nan glwa li. Se poutèt sa, fè seri bagay latè sa yo disparèt nan lavi nou: imoralite, bagay sal, anvi pou fè sa ki mal, lanvi pou ramase lajan, ki se menm bagay ak adore zidòl. Se bagay sa yo ki rale kòlè Bondye sou moun ki refize obeyi l[f] yo. Nou menm tou, nou te konn fè kalite bagay sa yo anvan, lè nou t ap viv nan lemonn.

Men kounye a, an n voye bagay sa yo jete nan lavi nou: fè kolè, viyolans, di oubyen fè bagay pou fè moun mal, di moun gwo mo pou ensilte yo. Pa bay frè ak sè nou manti. Nou te gentan retire vye rad sa yo voye jete deja, sa vle di kalite moun nou te ye lontan an ak vye bagay nou te konn fè yo. 10 Kounye a, se yon nouvo lavi ki nan nou, yon lavi ki vin pi nèf chak jou. Nou vin ap konprann moun ki te kreye nou an pi plis chak jou. Epi, de jou an jou, n ap sanble ak li pi plis. 11 Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit.[g] Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.

Nouvo lavi a nan rapò nou youn ak lòt

12 Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans. 13 Nou pa dwe mete nou an kòlè youn kont lòt, men se pou youn padone lòt. Si nou santi yon moun fè nou yon bagay ki mal, se pou n padone l. An n padone lòt yo, paske Senyè a te padone nou menm jan an tou. 14 Apre tout sa, sa ki pi enpòtan nan nouvo lavi a, se pou nou youn renmen lòt. Se nan renmen tout bagay mare ansanm nèt. 15 Se pou lapè ki soti nan Kris la kontwole tout panse nou. Bondye te rele nou pou nou viv nan lapè epi li mete nou ansanm nan yon sèl kò.[h] Se pou nou toujou ap di Bondye mèsi.

16 Se pou ansèyman Jezi yo toujou aji nan ou. Se pou nou anseye youn lòt, bay youn lòt konsèy ak anpil sajès. Pou n di Bondye mèsi, se pou n chante sòm, kantik, ak chan Sentespri Bondye enspire nou. 17 Tout sa nou kapab di oubyen fè, se pou n fè tout sa pou Senyè Jezi. Epi nan tout sa n ap fè, se pou n remèsye Bondye Papa a pa mwayen non Jezi.

Nouvo lavi a nan fwaye a

18 Medam yo, se pou n dakò ak lidèchip mari nou. Se konsa pou sa fèt, paske nou se moun Senyè a.

19 Nou menm mari yo, se pou n renmen madanm nou, epi nou pa dwe mete n an kòlè kont yo.

20 Nou menm ti moun, se pou n obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi.

21 Nou menm papa yo, pa fè timoun yo fache pou yo pa vin dekouraje.

22 Nou menm sèvitè ak sèvant yo, fè sa mèt nou gen sou latè yo mande nou fè. Se pa sèlman lè yo la pou n ap chache aji konsa pou n fè yo plezi, men fè sa ak yon kè sensè, ak krentif pou Senyè a. 23 Tout sa n ap fè, se pou n fè l ak tout kè nou, tankou se pa pou moun nou t ap fè l men se pou Senyè a. 24 Mete nan tèt nou Senyè a ap rekonpanse nou epi l ap fè nou jwenn sa li pwomèt moun pa l yo. Se Jezikris Senyè nou an n ap sèvi. 25 Pa bliye, nenpòt moun ki fè sa ki mal, l ap jwenn pinisyon nan men Bondye pou sa l fè a. Jijman Senyè a pa fèt nan moun pa.

Nou menm patwon, se pou n bay sèvitè ak sèvant nou yo sa ki jis, sa yo merite. Mete nan tèt nou, nou menm tou, nou gen yon patwon nan syèl la.

Kèk bagay nou dwe fè

Pa janm bliye priye pou tout bagay epi se pou n toujou di Bondye mèsi. Priye pou mwen tou, pou Bondye louvri pòt pou Pawòl li, pou m ka rive preche mesaj Kris la. Nou konnen se rezon sa a menm ki fè m nan prizon. Priye pou m pale jan m dwe pale, pou m bay mesaj la byen klè.

Lè nou ansanm ak moun ki pa gen lafwa yo, se pou nou aji ak sajès, se pou n pase tan nou nan fè sa ki byen. Lè n ap pale avèk yo, se pou pawòl nou yo toujou gen gras pou moun, pou n ka atire yo. Nou konnen kijan li enpòtan pou nou toujou pare pou n bay tout moun yon repons ki apwopriye.

Pol ak konpanyon l yo

Pou sa ki konsène m, Tichik ap pale nou de mwen. Li se yon bon frè byeneme an Kris, yon sèvitè ki merite konfyans, se yon bon konpayon mwen genyen nan sèvis Senyè a. Mwen voye l ban nou toutespre, pou m ka konnen sitiyasyon nou, epi tou, pou l ankouraje kè nou. Mwen voye l ansanm ak Onezim, yon frè ki fidèl anpil. Li se moun lakay nou. Y ap rakonte nou tout sa k ap pase bò isit la.

10 Aristak ki nan prizon ansanm avè m isit la voye salye nou. Mak, kouzen Banabas la, li voye salye nou tou. Se li menm mwen te di pou n resevwa byen si l vin lakay nou. 11 Jezi yo rele Jistis la, li salye nou tou. Se moun sa yo sèlman, pami kwayan Jwif yo, k ap travay ansanm avè m pou wayòm Bondye a. Yo ankouraje m anpil.

12 Epafras, moun lakay nou, voye salye nou. Se yon sèvitè Jezikris ki toujou ap konbat pou nou nan priyè li. Li priye pou n grandi nan lavi n ap mennen pou Kris la epi pou nou ka rive konnen tout sa Bondye vle pou nou, pou n ka toujou kenbe fèm. 13 Mwen rann temwanyaj sa a de li paske li travay di pou nou menm, moun Lawodise ansanm ak moun Yerapolis yo. 14 Demas ansanm ak doktè Lik, bon zanmi nou, voye salye nou.

15 Salye frè ak sè ki nan Lawodise yo pou nou, ansanm avèk Nenfas ak legliz ki lakay li a. 16 Lè nou fin li lèt sa lakay nou, se pou nou fè moun legliz Lawodise yo li l tou. Nou menm, nou va li tout lèt yo va ban nou tou. 17 Di Achip konsa: Pran prekosyon ak travay Senyè a ba li a, pou l ka fè l byen.

18 Mwen voye salye nou, mwen menm Pòl, ak pwòp men pa m. Sonje nan ki sitiyasyon m ap viv kòm prizonye. Gras Bondye avèk nou!

Footnotes

  1. 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 1:7 nou Anpil nan ansyen kopi Grèk yo genyen “ou”.
  3. 1:10 fè lwanj pou Bondye Oubyen “relasyon nou vin gen ak Bondye ap pwodui tout kalite bòn zèv chak jou pi plis.”
  4. 1:18 premye … lanmò Literalman, “premye moun ki leve soti vivan nan lanmò.”
  5. 2:18 patisipe nan adorasyon anj yo Oubyen “adorasyon anj yo”.
  6. 3:6 sou moun ki refize obeyi l Kèk nan Kopi Grèk yo pa genyen mo sa yo.
  7. 3:11 moun peyi Sit Yo te gade moun peyi Sit yo kòm yon pèp ki pa sivilize, yo te pran yo pou yon pèp sovaj.
  8. 3:15 Kò espirityèl Kris la, li vle di Legliz, pèp li a.

Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou.

Nou voye salitasyon tou pou sè Afya ak Achip k ap mennen menm konba avèk nou nan ministè n ap fè pou Kris la. Nou voye salitasyon pou legliz ki lakay ou a tou. Nou tout konnen m nan prizon paske m ap sèvi Jezikris.[a]

Se pou Bondye Papa a ak Jezikri Senyè nou an beni nou epi ban nou kè poze.

Lafwa ak lanmou Filemon genyen

Mwen toujou di Bondye mèsi pou ou, lè m ap priye, paske m tande kijan w montre lafwa ou genyen nan Jezi Senyè a, ak lanmou ou montre pou tout pèp Bondye a. M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la. Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou.

Aksepte Onezim tankou yon frè

Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat, men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la. 10 Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an. 11 Yon lè li pa t itil ou, men kounye a li itil[b] nou toulède.

12 M ap voye l tounen ba ou. Men m pa kache di w, se zantray mwen m ap voye ba ou. 13 M ta byen renmen kenbe l toujou pou l ta sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou koz Levanjil la. 14 Men, m pa t vle fè anyen san ou pa t dakò, paske m pa vle ou fè okenn bon bagay nan fòse. M pito w aji ak pwòp volonte w.

15 Sa k pou di w si se pa pou w te ka gen Onezim pou tout tan ki fè l te separe avè w pou yon ti tan? 16 Kounye a, pa resevwa l tankou yon senp esklav, men plis pase yon esklav, resevwa l tankou yon frè byenneme. Li vin chè pou mwen tankou yon frè. M konnen li vin gen plis valè pou ou toujou, paske li se manm fanmi w epi kounyea li vin yon manm nan fanmi Senyè a.

17 Alò, si ou konsidere m kòm zanmi w, resevwa Onezim menm jan w ta resevwa m. 18 Epi si l te fè w yon bagay ki mal osinon si l ta gen yon dèt anvè w, mete l sou kont mwen. 19 Mwen menm Pòl k ap ekri w ak pwòp men pa m, m ap ranbouse w. M pa kwè m ta bezwen di ou menm tou, ou gen dèt anvè m, ou dwe m lavi w. 20 Tanpri frè m, fè sa pou mwen,[c] paske w konnen se sa Senyè a vle. Poutèt se nan fanmi Kris la nou ye, sa ta ankouraje kè m anpil si w ta fè sa pou Onezim. 21 Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa.

22 M ap tou pwofite di w pare yon chanm pou mwen, paske, mwen sèten Bondye ap reponn priyè nou yo, y ap lage m pou m vin jwenn nou.

Salitasyon

23 Epafras ki nan prizon ansanm avè m, paske l ap sèvi Jezikri, voye salye w. 24 Mak, Aristak, Demas, Lik, k ap travay ansanm avè m nan lèv la, yo tout voye bonjou pou ou tou.

25 Se pou Jezikri, Senyè a, vide benediksyon l sou nou tout.

Footnotes

  1. 1:2 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 1:11 pa t itil … itil Pòl ap jwe ak mo yo nan pasaj sa a paske non Onezim vle di “itil”.
  3. 1:20 Tanpri frè m, fè sa pou mwen Pòl ap fè yon lòt jwèt ak mo yo pandan l ap fè referans ak non Onezim. Li sèvi ak yon vèb ki soti nan menm non Onezim nan.