Add parallel Print Page Options

¶ Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm.

Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li.

Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon.

¶ Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou.

Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo.

Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè.

Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou.

Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.

Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg.

10 Tout moun, piti kou gran, t'ap swiv tou sa li t'ap fè. Yo t'ap di: Nonm sa a gen pouvwa Bondye, sa yo rele gwo pouvwa a, nan tèt li.

11 Se konsa yo t'ap swiv tou sa li t'ap fè paske depi lontan yo te egare devan maji l' yo.

12 Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm.

13 Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.

14 ¶ Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo.

15 Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri,

16 paske Sentespri a pa t' ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Seyè Jezi a sèlman.

17 Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri.

18 Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan.

19 Li di yo: Ban m' pouvwa sa a tou, pou lè m' mete men m' sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou.

20 Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan?

21 Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye.

22 Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a.

23 Paske mwen wè kè ou anmè kou fyèl, peche fin mare nanm ou.

24 Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen.

25 Lè Pyè ak Jan fin rann temwayaj sa a, lè yo fin bay mesaj Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bon nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari.

26 ¶ Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: Leve non! Al nan direksyon sid, sou wout ki soti lavil Jerizalèm pou desann Gaza a. (Wout sa a, moun pa fasil pase sou li ankò.)

27 Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye.

28 Antan li t'ap tounen nan peyi l', li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a.

29 Sentespri di Filip konsa: Leve pye ou, rive toupre cha a.

30 Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letiopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li: Eske ou konprann sa w'ap li la a?

31 Nonm lan reponn li: Ki jan pou m' fè konprann si m' pa jwenn moun pou esplike mwen? Epi li mande Filip pou l' moute nan cha a, vin chita bò kote li.

32 Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen.

33 Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis. Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l' sou latè fini nèt.

34 Chèf peyi Letiopi a mande Filip: Di m' non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l' osinon yon lòt moun?

35 Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a.

36 Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm?

37 Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a.

38 Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li.

39 Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan.

40 Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.

Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.

Pèsekisyon kont kwayan yo

Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm. Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li. Sòl li menm te soti pou detwi legliz la. Li mache kay an kay al trennen tout moun ki kwè nan Kris yo mete deyò, li fè fèmen fanm tankou gason nan prizon. Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.

Filip preche Bòn Nouvèl la nan Samari

Filip[a] desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la. Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou. Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou. Lè sa a, moun nan vil la te kontan anpil anpil.

Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun. 10 Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.” 11 Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li. 12 Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm. 13 Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi.

14 Apot yo nan Jerizalèm te aprann moun Samari yo te aksepte Bòn Nouvèl la. Konsa, yo voye Pyè ak Jan al vizite yo. 15 Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo priye pou kwayan yo kapab resevwa Sentespri a. 16 Paske moun sa yo nan Samari te resevwa batèm nan non Senyè Jezi, men yo pa t ko resevwa Sentespri a. 17 Lè Pyè ak Jan fin priye pou yo epi mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri a.

18 Lè Simon wè Sentespri a desann sou kwayan yo lè apot yo mete men sou tèt yo, li ofri apot yo lajan. 19 Li di yo: “Ban m kalite pouvwa sa a pou lè m mete men m sou yon moun, li ka resevwa Sentespri a tou.”

20 Men, Pyè di li: “Ou pral peri ak tout lajan w lan, poutèt ou panse ou kapab achte kado Bondye bay la ak lajan. 21 Ou pa gen anyen pou wè nan travay sa a k ap fèt la, paske kè w pa dwat devan Bondye. 22 Chanje lide w sou bagay konsa. Priye Senyè a pou wè si l ta padone w dèske ou te gen vye lide konsa nan kè w. 23 Paske m wè jalouzi fè kè w anmè kou fyèl, epi tou mechanste fin tounen yon pati nan lavi w.”

24 Simon reponn: “Tanpri, m ta vle nou toulède priye Senyè a pou mwen pou anyen nan sa nou sot di yo pa rive m.”

25 Apre sa, de apot yo rann temwanyaj konsènan Senyè a. Yo pale ak pèp la sou sa Bib la di. Fini yo fini, yo tounen Jerizalèm. Sou tout wout la, yo preche Bòn Nouvèl la nan anpil vil nan tèritwa Samariten yo.

Filip ansenye yon nonm peyi Etyopi

26 Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.”

27 Filip leve, l ale. Yon nonm ki se moun peyi Etyopi parèt devan l Sou wout la. Nonm nan se te yon enik.[b] Se te yon chèf ki te responsab tout richès Kandas ki te rèn peyi Etyopi. Enik lan te monte lavil Jerizalèm pou al adore Bondye. 28 Li te sou wout ap retounen nan peyi l. Pandan l t ap vwayaje sou cha li, li t ap li nan liv pwofèt Ezayi a.

29 Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.” 30 Filip kouri al bò kote cha a, epi li tande chèf la ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Filip mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”

31 Chèf la reponn Filip konsa: “Ki jan pou m ta fè konprann li, si m pa gen yon moun pou eksplike m?” Apre sa, li envite Filip monte nan cha a epi chita bò kote l. 32 Men sa k te nan pasaj chèf la t ap li nan liv pwofèt Ezayi a:

“Li te tankou yon mouton yo t ap mennen labatwa,
    li tankou yon mouton ki pa rele lè y ap koupe pwal yo ki sou do li.
    Li pa janm louvri bouch li di anyen.
33 Yo te imilye l epi yo te pase tout dwa l anba pye.
    Yo p ap janm pale de pitit pitit li,
    paske yo mete yon bout nan lavi l sou latè.”[c]

34 Enik lan di Filip konsa: “Tanpri, di m de kilès pwofèt la ap pale konsa a. Èske l ap pale de tèt pa l osinon de yon lòt moun?” 35 Konsa, Filip louvri bouch pou anseye l. Filip kòmanse ak menm pasaj Enik lan t ap li a, li eksplike l Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.

36 Pandan yo t ap vwayaje konsa sou wout la, yo vin rive bò yon dlo. Enik lan di: “Men dlo! Ki sa k anpeche m batize?” 37 [d] 38 Enik lan mande pou yo kanpe cha a. Apre sa, ni Filip ni Enik lan desann nan dlo a, epi Filip batize l. 39 Lè yo soti nan dlo a, Sentespri Bondye fè Filip disparèt pati ale yon lòt kote. Enik lan pa t janm wè Filip ankò, men, li te kontinye chemen li ak kè kontan. 40 Filip menm al parèt nan vil Azòt. Apre Azòt, li pati pou ale Sezare. Filip t ap evanjelize moun sou tout wout la, nan tout vil li te travèse yo.

Footnotes

  1. 8:5 Filip Sa a se pa menm Filip ki te apot la.
  2. 8:27 yon enik Yon Enik se te yon moun ki te konsakre pou sèvi wa osinon rèn nan pòs kote yo te bezwen moun yo kapab fè konfyans anpil.
  3. 8:32-33 Sitasyon sa a soti nan Eza 53:7-8.
  4. 8:37 Kèk nouvo kopi sou Travay Apot yo ajoute vèsè 37 la: Filip reponn: “Si ou kwè ak tout kè w, li posib pou ou batize.” Enik la di: “Mwen kwè Jezikris se pitit Bondye a.”