Add parallel Print Page Options

Men sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo gen pou y' al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an).

Men, Bondye di l' ankò: Se mwen menm k'ap peni nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y'a soti kite peyi etranje sa a, y'a vin sèvi m' isit la.

Read full chapter

Men sa Bondye te di Abraram: Pitit pitit ou yo gen pou y al viv kòm etranje nan yon lòt peyi. Y ap fè yo tounen esklav nan peyi sa a epi y ap maltrete yo anpil pandan kat san (400) zan. Men m ap gen pou m pini nasyon ki va fè yo tounen esklav yo a.[a] Apre sa, Bondye di l ankò: Apre bagay sa yo fin rive, y a soti kite peyi kote yo te esklav la epi y a vin sèvi m isit la.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:7 Sitasyon sa a soti nan Jen 15:13-14.
  2. 7:7 Sitasyon sa a soti nan Jen 15:14; Egz 3:12.