Add parallel Print Page Options

11 Lè yo wè sa, yo peye kèk moun pou di: Nou tande l' ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye.

12 Se konsa, yo moute tèt pèp la ansanm ak chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo. Y' al kot Etyèn, yo mete men sou li, yo trennen l' devan Gran Konsèy la.

13 Yo mennen lòt moun tou pou fè manti sou li, yo t'ap di: Nonm sa a pa sispann pale mal sou tanp Bondye a ak sou lalwa Moyiz la.

14 Nou tande l' di konsa: Jezi, moun Nazarèt la, gen pou kraze tanp lan, l'ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.

Read full chapter

11 Lè Jwif yo wè yo pa t ka gen rezon sou Etyèn, yo peye kèk moun anba anba pou y al fè fo temwanyaj kont Etyèn, pou y al di: “Nou tande l ap pale Moyiz ak Bondye mal!” 12 Konsa, Jwif yo resi monte tèt ni pèp la, ni chèf fanmi yo, ni doktè lalwa kont Etyèn. Yo vin fache kont li. Y al kote Etyèn te ye a, yo poze lapat sou li epi yo mennen l vin devan Gran Konsèy la.

13 Yo mennen fo temwen tou ki vin di: “Nonm sa a pa sispann pale Tanp sa ki apa pou Bondye a ak lalwa nou an mal. 14 Nou tande l ap di Jezi, nonm Nazarèt la, gen pou l kraze Tanp sa a epi l ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.”

Read full chapter