Add parallel Print Page Options

¶ Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm. Pòl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou.

Nou te sanble nan pyès anwo kay la. Te gen anpil lanp limen ladan li.

Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesaj Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li soti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l', li te mouri frèt.

10 Pòl desanm, li bese sou li, li pran l' nan bra l', epi li di: Nou pa bezwen pè, li pa mouri.

11 Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati.

12 Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun.

Read full chapter

Dènye vizit Pòl nan Twoas

Nan dimanch,[a] nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm,[b] epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui. Nou tout te reyini ansanm nan yon chanm anlè chanmòt kay la epi te gen anpil lanp limen pou klere chanm nan. Yon jenn gason yo te rele Etikis te chita arebò fenèt la. Kòm mesaj Pòl la te long anpil, Etikis pran kabicha. Finalman, pandan Etikis nan yon pwofon somèy, li sot nan twazyèm etaj kay la, li tonbe anba. Lè moun yo kouri vini pou ede l leve, yo jwenn li mouri frèt.

10 Lè sa a, Pòl desann, li bese bò kot kadav Etikis la, li pran kadav la nan bra li, epi l di: “Nou pa bezwen fatige kò nou, paske li vivan.” 11 Lè Pòl retounen monte, li kase pen an epi li manje. Apre sa, li kontinye pale lontan ak moun yo toujou. Li te gentan prèske fin jou lè Pòl fin pale ak yo, apre sa l ale. 12 Kwayan yo menm mennen Etikis lakay li byen vivan. Se te yon gwo ankourajman pou tout moun.

Read full chapter

Footnotes

  1. 20:7 dimanch Literalman, “nan premye jou nan semèn nan”.
  2. 20:7 pou n manje pen an ansanm Sa ka vle di manje yon repa osinon Sentsèn menm, manje espesyal Jezi te di disip li yo pou yo manje pou yo ka sonje l la. Gade nan Lik 22:14-20.