Add parallel Print Page Options

15 Se konsa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.

16 Se lafwa nan Jezi ki fè nonm sa a nou wè la a, nonm nou tout konnen ki te paralize a, jwenn gerizon. Se lafwa nan Jezi ki fè l geri nèt konsa a epi l ap mache devan je nou tout.

17 Frè m yo, mwen rekonèt nou te touye Jezi, paske ni nou menm ni otorite nou yo pa t konnen sa nou t ap fè a byen.

Read full chapter