Add parallel Print Page Options

13 Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l. 14 Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl[a] ban nou olye pou l ta lage Jezi. 15 Se konsa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:14 kriminèl Jwif yo te pito chwazi Barabas nan plas Jezi. Gade nan Lik 23:18.