Add parallel Print Page Options

Pyè geri yon mandyan ki te estwopye

Yon jou, Pyè ak Jan t ap monte nan Tanp lan vè twazè nan apremidi. Se nan lè sa yo te konn fè lapriyè nan Tanp lan.[a] Vwala te gen yon nonm ki te estwopye depi l fèt ki te bò pòt kote yo t ap antre a. Yo te rele pòt sa a “Bèl pòt la.” Se chak jou yo te pote nonm nan pou yo vin depoze l bò pòt sa a pou l ka mande moun k ap antre nan Tanp lan lacharite.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:1 Nan tan ansyen yo, Jwif yo te genyen twa moman pou yo te priye. Gen moun ki panse se te a nevè nan maten, a midi, epi a twazè nan apremidi. Gen lòt moun menm ki panse moman yo te pi jeneral (maten, apremidi epi aswè), epi lè sezon yo te chanje, moman sa yo te chanje tou. Gade nan Sòm 55:17 epi Dan 6:10.