Add parallel Print Page Options

Moun yo t ap tann pou Pòl vin anfle epi pou l te tonbe mouri. Yo te t ap gade li epi yo t ap tann pandan lontan, men pa t gen anyen mal ki te rive Pòl. Lè sa a, yo te vin chanje sa yo te panse. Yo te di: “Misye se yon dye!”

Tou pre a, te gen yon pwopriyete ki te pou Pibliyis, pi gwo sitwayen zòn nan. Li te resevwa nou tankou zanmi epi li te ban nou kote pou nou fè ladesant. Li te fè sa pandan twa jou. Papa Pibliyis te kouche malad ak la fyèv ak disantri. Pòl te antre lakay li, li priye pou li, li poze men l sou li, epi li geri l.

Read full chapter