Add parallel Print Page Options

14 Se konsa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a. 15 Dezyèm bèt la te jwenn pouvwa pou l mete lavi nan estati premye bèt la, pou fè l pale epi pou fè touye tout moun ki pa ta vle adore l. 16 Dezyèm bèt la te egzije tout moun pote yon mak sou men dwat yo oubyen sou fon yo, kit ou te timoun kit ou te granmoun, kit ou te rich kit ou te pòv, kit ou te esklav kit ou te lib.

Read full chapter