Add parallel Print Page Options

Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam

(Mak 5:21-43; Lik 8:40-56)

18 Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.”

19 Jezi ak tout disip li yo te deplase ak mesye a pou ale lakay li.

20 Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi,

Read full chapter