Add parallel Print Page Options

19 Se poutèt sa, obeyi tout kòmandman lalwa yo, menm sa ki parèt yo pa gen gwo enpòtans. Nenpòt moun ki refize obeyi youn nan kòmandman yo oswa ki anseye lòt moun pou dezobeyi yo, y a konsidere l kòm moun ki piti nan wayòm Bondye a. Men nenpòt moun ki obeyi kòmandman yo, epi ki anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou, y a konsidere l kòm gwo zotobre nan wayòm Bondye a. 20 Mwen pa kache di nou: si nou pa pi fidèl nan fè sa Bondye mande pase Eskrib yo ak Farizyen yo, nou p ap antre nan wayòm Bondye a.

Jezi anseye konsènan kòlè

21 Nou tande yo te di zansèt nou yo piga yo touye moun[a], paske nenpòt moun ki touye moun Bondye ap jije yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:21 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:13; Det 5:17.