Add parallel Print Page Options

16 Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.

Jezi ap pale de lalwa Moyiz la

17 Pa mete nan tèt nou mwen vini pou m detwi lalwa Moyiz la, oubyen sa pwofèt yo te ekri. Mwen pa vini pou m detwi yo. Okontrè mwen vini pou fè moun konprann yo pi byen. 18 Anverite m ap di nou: toutotan syèl la ak tè egziste, pa gen anyen k ap soti nan lalwa Moyiz la, pa menm yon i, ni ti pwen sou tèt yon i, jouktan tout bagay ki te prevwa nan lalwa a rive nan bout yo.

Read full chapter