Add parallel Print Page Options

41 Chèf prèt yo ak lidè Jwif yo reponn: “Mèt jaden rezen an ap touye mechan sa yo, san okenn pitye. L ap bay lòt moun jere jaden an. L ap bay lòt jeran k ap voye pòsyon rekòt pa l pou li, lè l voye chache l.”

42 Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja:

Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
    vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
Se Bondye ki te fè sa!
    Se yon mèvèy pou nou wè sa![a]

43 Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 21:42 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:22-23.