Add parallel Print Page Options

Èske Mesi a se pitit David?

(Mat 22:41-46; Lik 20:41-44)

35 Pandan Jezi t ap anseye nan tanp lan, li mande: “Ki jan doktè lalwa yo ka di Mesi a se pitit David? 36 Paske David li menm, anba enspirasyon Sentespri, te di:

Senyè a di, Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
    jouktan m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w.[a]

37 David, li menm, rele Mesi a Senyè. Alòs, kijan l fè pitit li?”

Pèp la te pran plezi tande l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:36 Sitasyon sa a soti nan Sòm 110:1.