Add parallel Print Page Options

Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi

(Mat 22:23-33; Lik 20:27-40)

18 Kèk Sadiseyen, ki wè moun ki mouri pa resisite, vin kote Jezi. Yo mande l: 19 “Mèt, Moyiz ekri si yon frè mouri san li pa fè pitit ak madanm li, se pou lòt frè a marye ak madanm defen an, pou li fè pitit avè l pou defen an.[a] 20 Te gen sèt frè, premye a te marye ak yon fi, li mouri san li pa kite pitit. 21 Dezyèm nan marye ak vèv la, li mouri san li pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm nan. 22 Konsa, pa gen youn nan sèt la ki kite pitit. Apre sa, fi a vinn mouri tou. 23 Lè jou rezireksyon an va rive, madanm kilès nan sèt frè yo fi a pral ye, paske li te marye ak tou lè sèt?”

24 Jezi reponn yo: “Nou nan erè nèt. Nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 25 Lè mò yo va leve, p ap gen ni mari ni moun k ap marye paske y ap vin tankou anj nan syèl la. 26 Pou sa ki konsène mò k ap leve yo, nou pa li sa ki ekri nan liv Moyiz la, nan pasaj touf bwa ki te pran dife san l pa boule a![b] Se la Bondye di: mwen se Bondye Abraram nan, Bondye izaak la ak Bondye Jakòb la.[c] 27 Bondye pa Bondye moun mò, men li se Bondye moun vivan. Nou twonpe tèt nou nèt.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:19 Gade nan Det 25:5-6.
  2. 12:26 touf bwa … boule a Gade nan Egz 3:1-12.
  3. 12:26 Sitasyon sa a soti nan Egz 3:6.