Add parallel Print Page Options

Jezi montre puisans lafwa

(Mat 21:20-22)

20 Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèch jouk nan rasin. 21 Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèch.”

22 Jezi di yo: “Fè Bondye konfyans.” 23 An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre. 24 Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li.

Read full chapter