Add parallel Print Page Options

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mat 21:12-17; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

15 Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 16 Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan. 17 Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m?[a] Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[b]

18 Lè chèf prèt yo ak doktè lalwa yo tande pawòl sa yo, yo kòmanse ap chache yon okazyon pou yo touye Jezi. Yo te pè li, paske tout pèp la te etone pou wè jan l t ap anseye. 19 Nan aswè, Jezi ak disip li yo te kite vil la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:17 Sitasyon sa a soti nan Eza 56:7.
  2. 11:17 Sitasyon sa a soti nan Jer 7:11.