Mak 10:1-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi pale sou kesyon divòs
(Mat 19:1-12)
10 Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo.
2 Kèk Farizyen te vini tou, epi yo mande l: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse ak madanm li?” Yo te mande l sa paske yo te vle pase Jezi yon tès.
3 Jezi reponn yo: “Kisa Moyiz kòmande nou pou n fè?”
4 Farizyen yo di: “Moyiz pèmèt yon nonm ekri yon papye divòs pou li kite ak madanm li.”[a]
5 Jezi di yo: “Moyiz ekri lwa sa paske tèt nou di, nou refize aksepte ansèyman Bondye a. 6 Men lè Bondye te kreye lemonn, se pa yon gason ak yon fi l te kreye?[b] 7 Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. 8 Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.[c] Yo pa de ankò, men yon sèl. 9 Konsa, yo pa de ankò, yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.”
10 Pita, lè disip yo te nan kay la ak Jezi ankò, yo poze l kesyon sou zafè divòs la. 11 Li di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, epi ki marye ak yon lòt fi, li komèt adiltè kont madanm li. 12 Menm jan an tou, si fi a ta divòse ak mari l, epi li marye ak yon lòt gason, li komèt adiltè.”
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International