Add parallel Print Page Options

Jerizalèm te genyen yon pisin toupre Pòtay Mouton yo. Li te gen senk galeri. Yo te rele pisin sa a Bètesda,[a] nan lang ebre. Anpil moun malad te kouche anba galeri yo, bò kote pisin nan. Kèk nan yo te avèg, kèk lòt te bwate, lòt ankò te paralize.[b] [c]

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:2 Bètesda Yo rele l Bètsayida oubyen Betesda, yon pisin dlo sou kote nò tanp Jerizalèm nan.
  2. 5:3 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute, apre vèsè 3 a: “Epi yo t ap tann mouvman dlo a.”
  3. 5:4 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 4 la: “Detanzantan yon anj Bondye te desann dan pisin nan pou fè dlo a fè mouvman. Apre sa premye moun ki te desann nan pisin nan te geri, kèlkeswa maladi l te genyen.”