Add parallel Print Page Options

31 Men, se te nan jou yo t ap fè preparasyon anvan jou saba a. Pou kò yo pa t rete sou kwa a pandan jou saba a ki te yon jou espesyal, lidè Jwif yo al mande Pilat pou l fè kase janm moun yo krisifye yo epi pou yo desann yo sou kwa a. 32 Sòlda yo vini, yo kase janm[a] premye a, apre sa, yo kase janm dezyèm nan yo te krisifye ansanm ak Jezi yo. 33 Lè yo rive sou Jezi, yo konstate li gentan mouri, yo pa t kase janm li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 19:32 yo kase janm Yo te kase janm moun yo krisifye yo pou fè yo mouri pi vit.