Add parallel Print Page Options

29 Te gen yon krich plen vinèg la, yo tranpe yon eponj ladan, yo mare l nan yon branch bwa yo rele izòp, yo leve l pote mete nan bouch li. 30 Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.

31 Men, se te nan jou yo t ap fè preparasyon anvan jou saba a. Pou kò yo pa t rete sou kwa a pandan jou saba a ki te yon jou espesyal, lidè Jwif yo al mande Pilat pou l fè kase janm moun yo krisifye yo epi pou yo desann yo sou kwa a.

Read full chapter